akolad
Atelye Kreyasyon, Oryantasyon, Leadership, ak Aksyon pou Devlòpman (AKOLAD) est un organisme social à but non-lucratif.
10/09/2026
𝐊𝐞̀𝐤 𝐟𝐨𝐭𝐨 𝐑𝐞𝐟𝐞̀ 𝐦…
Se te yon bon moman detant.
Mèsi ak nou chak ki te patisipe nan moman byennèt aprè midi a.
27/08/2026
𝐑𝐄𝐅𝐄̀ 𝐌 𝐁𝐘𝐄𝐍𝐍𝐄̀𝐓
𝐏𝐫𝐚𝐧 𝐬𝐰𝐞𝐧 𝐤𝐨̀ 𝐰. 𝐏𝐫𝐚𝐧 𝐬𝐰𝐞𝐧 𝐥𝐞𝐬𝐩𝐫𝐢 𝐰.
REFÈ M Byennèt se yon inisyativ ki ankouraje plis konsyans sou sante fizik ak sante mantal.
Nou kwè enfòmasyon, prevansyon, dyalòg ak sipò kapab ede chak moun pran pi bon desizyon pou byennèt li.
Se moman pou nou pale sou sa ki enpòtan.
Se moman pou nou pran swen tèt nou.
Se moman pou nou REFÈ M.
Swiv paj la pou w pa rate pwochen aktivite ak atelye enfòmasyon REFÈ M Byennèt yo.
25/08/2026
𝐎𝐔 𝐏𝐀 𝐎𝐁𝐋𝐈𝐙𝐄 𝐏𝐎𝐓𝐄 𝐓𝐎𝐔𝐓 𝐁𝐀𝐆𝐀𝐘 𝐏𝐎𝐔𝐊𝐎𝐍𝐓 𝐎𝐔.
Gen moman kote fòs nou se pa kontinye fè kòmsi tout bagay anfòm.
Fòs kapab vle di:
- mande èd;
- pale ak yon moun ou fè konfyans;
- rekonèt limit ou;
- aksepte ou bezwen sipò.
Ou pa poukont ou.
Idantifye yon moun ou fè konfyans epi pran yon ti moman pou pale avè l.
21/08/2026
𝐑𝐄𝐅𝐄̀ 𝐌 𝐁𝐘𝐄𝐍𝐍𝐄̀𝐓
𝐏𝐫𝐚𝐧 𝐬𝐰𝐞𝐧 𝐤𝐨̀ 𝐰. 𝐏𝐫𝐚𝐧 𝐬𝐰𝐞𝐧 𝐥𝐞𝐬𝐩𝐫𝐢 𝐰.
REFÈ M Byennèt se yon inisyativ ki ankouraje plis konsyans sou sante fizik ak sante mantal.
Nou kwè enfòmasyon, prevansyon, dyalòg ak sipò kapab ede chak moun pran pi bon desizyon pou byennèt li.
Se moman pou nou pale sou sa ki enpòtan.
Se moman pou nou pran swen tèt nou.
Se moman pou nou REFÈ M.
19/08/2026
𝐁𝐘𝐄𝐍𝐍𝐄̀𝐓 𝐎𝐔 𝐒𝐄 𝐘𝐎𝐍 𝐏𝐑𝐈𝐘𝐎𝐑𝐈𝐓𝐄
𝐎𝐮 𝐩𝐫𝐚𝐧 𝐬𝐰𝐞𝐧 𝐭𝐨𝐮𝐭 𝐦𝐨𝐮𝐧… 𝐦𝐞𝐧 𝐞̀𝐬𝐤𝐞 𝐨𝐮 𝐩𝐫𝐚𝐧 𝐭𝐚𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐩𝐫𝐚𝐧 𝐬𝐰𝐞𝐧 𝐭𝐞̀𝐭 𝐨𝐮?
Byennèt pa sèlman vle di lè nou pa malad. Se yon balans ant kò nou, lespri nou, emosyon nou ak fason nou viv chak jou.
Pa tann ou fin epwize pou w kòmanse pran swen tèt ou.
REFÈ M Byennèt envite w fè byennèt ou tounen yon priyorite.
Pran yon ti moman jodi a pou mande tèt ou: Kisa mwen bezwen pou m santi m pi byen?
18/08/2026
Site Web
Adresse
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 17:00 |
| Mardi | 09:00 - 17:00 |
| Mercredi | 09:00 - 17:00 |
| Jeudi | 09:00 - 17:00 |
| Vendredi | 09:00 - 17:00 |
| Dimanche | 09:00 - 17:00 |