LwilMedia

LwilMedia

Partager

Média sosyo kiltirèl e Politik san fòs kote pou n enfome w toupatou nn mond lan.

Photos from LwilMedia 's post 14/08/2026

Haïti en Louange2026Delly Benson Following 📸Michael Louis Charles

11/08/2026

Piano à jwen anpil benediction anba men Pasteur Nou Dimanch 9 Août 2026 nn Haiti en louanj✨✨Following A la UNE Radio Television Caraibes Delly Benson Fre Gabe Fr Luckson Zòn Pa Fè Moun Koze Kretyen
📸Michael Louis Charles

05/08/2026
Photos from LwilMedia 's post 05/08/2026

Madi kite 28 jiyè 2026, **GERYE JWA** te lanse 3yèm edisyon *Atelye Ekri Poesi*nan yon anbyans dou ak poetik,kote Direktè Exécutif la, Jean Guerson Sanon,te rapòte enpòtans lekti ak ekriti pou byenèt chak moun ak sosyete a. Apre yon imèsyon 30 minit nan lekti ak pataj tèks, ansanm ak yon diskisyon rich ak poèt envite yo (Carl Henry BURIN ak Orphée SAMUEL),yo te ouvè fòmèlman pwogram sa a ki ap gen 8 seans sou koordinasyon poèt Adelson Elias soti 28 jiyè pou rive 20 out 2026,nan lide pou swete tout patisipan yo yon bèl aventi poetik.📸Michael Louis Charles FollowingThe Following A la UNE

30/07/2026

“Se pou yo bay Seyè a glwa, se pou yo fè lwanj li tande nan zile yo.
Ezayi 42:12
🇭🇹
Haïti, leve vwa ou! Malgre difikilte yo, Bondye poko fini ak nasyon sa a.

Ezayi 42:12 envite nou bay Seyè a glwa epi fè lwanj li rive byen lwen. Lè nou chwazi adore BonDye nan mitan eprèv yo, nou montre lafwa nou pi fò pase sitiyasyon nou yo.

🎶 Vini louwe Bondye avèk nou!
Chak chante se yon deklarasyon espwa.
Chak lwanj se yon viktwa sou dekourajman.
Chak adorasyon ouvri pòt benediksyon ak restorasyon.

✨ Pa rete lakay ou!
Antre nan atmosfè lwanj la, vin resevwa fòs, lapè ak kouraj pou avanse. BonDye merite tout glwa a, e Haïti bezwen tande son adorasyon k ap monte nan tout kwen peyi a.
“Haïti pap leve, pa fòs moun, men pa gras BonDye!
🙏 Ann fè lwanj Seyè a tande nan tout zile a! 🇭🇹🎶🔥
Ministries
Church

# Haiti 🇭🇹 en louanges
# 10yèm EDISYON

10/07/2026

La 10e Edition Haiti en Louanges est prévue pour le 9 Août 2026.Following A la UNE

Photos from LwilMedia 's post 08/07/2026

Serenade poétique Following Pierre Jonas Romain📸Michael Louis Charles

Photos from LwilMedia 's post 04/06/2026

Gwo Fwa Gastro-Atizanat operatè kiltirèl **Gerye Jwa te òganize nan Pak Izmery nan Delma 33 a te yon gwo siksè,kote li te mete an valè tout talan ak konpetans pratik anseyan yo ak lekòl yo nan zòn nan.Pandan de jou aktivite sa a,espas la te tounen yon bèl vitrin kiltirèl kote vizitè yo te ka dekouvri bèl kreyasyon atizanat (tankou valiz,bijou, ak penti) ak bon ti manje lakay ak ji natirèl ki fèt ak pwodwi lokal nou yo. Gerye Jwa,ak gwo enèji li konnen pou li a,te pwofite moman sa a pou l montre enpòtans pwodiksyon nasyonal la epi bay pwofesè yo jarèt nan wòl yo genyen pou transmèt konesans pratik bay jèn yo.Finalman,gwo rasanbleman sa a nan Pak Izmery a pa t sèlman yon espas komèsyal,men li te yon gwo aktivite edikatif ak pozitif ki te pote anpil jwa,animasyon,ak espwa pou kominote Delma a.

Photos from LwilMedia 's post 04/06/2026

Gradiyasyon kòwòt P4000 la nan Lekòl Nasyonal Lapolis la make yon gwo tounan nan batay pou sekirite peyi a,kote lantiy **Lwilmedia te la pou imòtalize chak bèl moman ak gwo emosyon ki te genyen.Nouvo polisye sa yo, ki te swiv yon fòmasyon entansif sou konba nan zòn vil yo ak estrateji pou dechouke gang,pral deplwaye vit sou teren an pou bay inite espesyal yo jarèt nan zòn ki pi cho yo. Malgre gwo defi ak reyalite k ap tann yo nan lari a,jèn jandam sa yo sèmante pou yo sèvi ak pwoteje popilasyon an ak disiplin ak entegrite.Finalman,gwo evènman sa a pa t sèlman yon senp remiz diplòm,men li reprezante yon nouvo souf, yon nouvo san,ak yon gwo mesaj espwa ki pi fò pase laperèz pou demen peyi a Police Nationale d'Haiti - Police Nationale d'Haiti - PNH Following 📸Michael Louischarles

Photos from LwilMedia 's post 06/05/2026

Moment de Feu: Yon kouran gras nan Delma19
Twazyèm jou rasanbleman a nan legliz Assemblée de la Gloire de Dieu te yon veritab siksè total.Depi dimanch 3 me, pouvwa Bondye ap manifeste yon fason estrawòdinè nan mitan pèp la.Atmosfè a te chaje ak lapriyè cho ak yon prezans espirityèl ki te touche chak grenn kè.
Dlo nan je ak souri viktwa te melanje pou montre liberasyon k ap fèt anba kòd lavi a.
Lafwa fidèl yo te si tèlman fò, ou te ka santi syèl la desann nan lokal Delma 19 la.
Ekip **Lwilmedia** te la pou imotalize chak bèl sekans ak imaj ki makònen ak grandè saa.
Chak foto, chak videyo se yon temwayaj vivan sou gras ak benediksyon k ap koule san rete. Eksperyans pwisan sa a ap kontinye ak anpil fòs pou rive jiska gwo kloti dimanch 10 me a. Tout moun envite pou vin pran pòsyon pa yo nan rès semèn nan pou yo pa rete dèyè.
Vin jwenn viktwa w, paske ekip la ap tann ou pou n selebre liberasyon total sa a ansanm!

Téléphone

Site Web

Adresse

Delmas
HT6120

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque LwilMedia publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

S’abonner

Nous vous informerons de toute nouveauté à Delmas.