Radio Extension
Au-delà de vos écoutes ! Lòt Radyo A !
12/09/2026
Weekend Extension live sou
Radio Extension is LIVE | TikTok Extension. | Check out Radio Extension's LIVE streams on TikTok! Watch, follow, and discover the latest content from Radio Extension.
Machann Bolid yo leve vwa yo : Nou pa kapab ankò, fòk mache a fini pou nou retounen nan plas nou!
https://youtu.be/hUyMh6-h9u8
12/09/2026
André Dejean, youn nan gwo figi Frè Dejean Pétion-Ville yo, mouri an Florid
André Dejean, twonpetis, konpozitè ak aranjè, se youn nan manm fondatè gwoup Les Frères Dejean de Pétion-Ville, ki te pote non Les Frères de Pétion-Ville nan kòmansman yo.
Li te fèt nan Pétion-Ville an 1963. Pandan tout karyè li, André Dejean te jwe yon wòl enpòtan nan devlopman ak pwodiksyon plizyè zèv mizikal ki make istwa mizik ayisyen an.
Li te kolabore ak anpil atis ak mizisyen enpòtan nan endistri mizikal la, pami yo Isma Douby, Herman Nau nan Tabou Combo, Ansy Dérose, ansanm ak Arly Larivière, youn nan gwo figi gwoup Nu-Look.
Se nan fen ane 1960 yo anpil moun te kòmanse konnen André Dejean atravè gwoup fanmi li a, Les Frères Dejean de Pétion-Ville. Gwoup la te vin youn nan non ki make jenerasyon sa a nan mizik ayisyen an.
Selon enfòmasyon Pipo Saint-Louis pataje, André Dejean ta mouri vandredi 11 septanm 2026, anviwon 10 è nan aswè, nan yon lopital nan Florid.
Pandan ane 1970 yo, Les Frères Dejean de Pétion-Ville te pibliye plizyè albòm ki te jwenn anpil siksè bò kote piblik la. Pami yo, gen travay ki te soti an 1974 ak 1977, ki te pote kèk nan moso ki vin tounen klasik nan mizik ayisyen an.
« Dékaké » se youn nan moso ki rete make nan repètwa gwoup la. « Marina » se yon lòt gwo siyati mizikal ki te rive touche fanatik mizik ayisyen an nan plizyè peyi nan Karayib la.
Atravè talan li kòm twonpetis, konpozitè ak aranjè, André Dejean te kontribye nan konstriksyon yon pati enpòtan nan patrimwàn mizikal ayisyen an.
Avèk lanmò André Dejean, mizik ayisyen an pèdi youn nan atizan ki te patisipe nan ekri yon bèl paj nan istwa li.
Nan moman doulè sa a, Radio Extension 101.9 FM prezante senpati li bay fanmi André Dejean, pwòch li yo, ansyen kolaboratè li yo, fanmi Les Frères Dejean yo ansanm ak tout kominote mizikal ayisyen an.
Mèsi, André Dejean, pou sa ou te reprezante pou mizik ayisyen an ak pou eritaj ou kite dèyè.
Ke nanm li repoze anpè.
12/09/2026
Ann gade sa nou dekouvri anndan yon gwo bato komèsyal ki echwe sou plaj Laye a nan Ti Rivyè!
https://youtu.be/hPkoAmD5dTQ
Laye 2026
Gade moun! Gade plezi nan Fèt lanmè nan DamMari
https://youtu.be/mlboq-fgZf4
Vwa Lib - 11 septembre 2026 | Radio Extension
11/09/2026
Kote 25 milyon goud pou rekonstriksyon legliz Saint-Louis jeremi an te kache ?
Kote 25 milyon goud pou rekonstriksyon legliz Saint-Louis jeremi an te kache ? Enjoy the videos and music you love, upload original content, and share it all with friends, family, and the world on YouTube.
Eleksyon ap pale , Anpil moun nan tout kwen ap fe kanpay