Donson14
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Donson14, Entrepreneur, US-Atlanta, Limonade.
📚 Mwen pataje refleksyon ki fè w panse.
💰 Finans pèsonèl • Envestisman • Devlopman pèsonèl
🇭🇹 Kwè nan kapasite Ayisyen pou kreye pwòp opòtinite yo.
🎯 Objektif mwen: enspire, edike, epi ede moun grandi chak jou.
15/09/2026
🛑 Pa gen moun k ap vin konstwi vi w nan plas ou parese🛑
Chita la, di yon jou l ap jou san w p ap fè anyen pou l jou a, se tankou yon moun k ap fè menm bagay la ankò e ankò, pandan li espere gen yon rezilta diferan. Mwen raple m se definisyon foli.
Ou ap di w pral reyisi, jou pa w la gen pou l rive. Men ou pa fè anyen pou chanje sa. Ou ap tann mirak? Mwen gen yon bon nouvèl pou ou: pa gen pèsonn k ap vin sove w.
Gen yon ti bon sans, s'il vous plaît. Si w vle yon meyè vi finansyè, ou dwe omwen chanje fason w panse. Ou kòmanse panse a ekonomize avan w depanse lè lajan antre. Kòmanse panse a kijan w ka fè lajan travay pou ou. Epi jis kòmanse.
W ap twonpe pafwa, fè pèt pafwa. Se byen, paske sa fè pati pwosesis la.
Ou dwe pare pou w chanje moun ou ye jodi a pou moun ou vle ye demen an. Yon moun ki rich aksepte fè sa moun ki pòv yo pa janm vle fè.
Reveye w.
Mwen se Donson🔥
13/09/2026
🚨Lè w damou ou bèt🚨
Yon moun ki damou pa gentan pou l reflechi ak konsekans aksyon l. Yon moun ki sispann reflechi, estipid. Moun ki abitye bay moun ki damou konsèy ap konprann sa m ap di a byen.
Ou fi n bay konsèy la Epi w wè sou estati l:
« Bb, egri yo panse yo ka separe nou. »
Mwen gen yon moun mwen damou l nan yon nivo m pa janm ka eksplike. Mw deteste l pou sa pafwa. Mwen pa dakò yon moun gen tout pouvwa sa sou mwen. E se sa ki pra l fè m reyalize w bèt lè w damou. Lè l ekri m pou eksplike m jan l renmen m, mwen santi m ka deplase montay. Poutan aksyon l ak sa l ap di vrèman opoze. Mwen konsyan de sa, men kè m refize konprann sa.
Li pa yon sent. Poutan nan je m li pafè. Mwen toujou ap twouve eskiz pou konpòtman l. Gen defo l ap plede di m li gen vire tounen poutan m pa janm ka wè yo. Gen zanmi m ki wè defo l. Mwen non. Menm si l ta fè m nenpòt bagay ki fè m fache pou m bay syèl la dife ak yon sèl rega, depi m tande vwa l mwen bliye tout bagay. Mwen po ko janm gade fanm sa pou moun k ap gade m pa wè fanm sa chanboule m.
Chak moun gen yon moun ki kontwole yo konsa. Gen yon moun ki pwen fèb ou? Yon moun depi se li ou pa tòg ankò?
Petèt sèl bagay ki pwoteje m pou m pa pèdi tèt mwen nèt nan tout bagay sa yo, se objektif mwen genyen pou m chanje sitiyasyon finansyè m. Paske menm lè kè m ap mennen m yon kote, mwen konnen mwen gen yon lavi m ap konstwi. E mwen pa vle yon santiman, kèlkeswa jan li fò, fè m bliye moun mwen vle vin ye a.
Manman m rele m Alidson😎 Mwen rele tèt mwen Donson💊
12/09/2026
🚨 OU PA LIB 🚨
Mwen te fè yon pòs sou Facebook ki pa t respekte kèk nan règ platfòm nan. Yo bloke pwogresyon paj mwen an.
Pou mwen, se yon prèv ki montre mwen pa lib pou m di tout sa m vle. Oswa petèt se yon rapèl ki montre lè w chwazi fè oswa di sa ki deranje règ etabli yo, aksyon sa yo ka gen konsekans.
Men, menm jan pou mwen, gen bagay ou ta renmen di oswa fè, men si w ta oze fè yo, ou konnen yo ka kraze anpil nan relasyon w yo. Gen moun ou konn anvi joure. Gen moun ou konn anvi di yo fè silans.
Poutan, gen yon sèl bagay ou toujou lib pou w fè.
Imajine rad ou fè w cho epi, pou w soulaje w, ou deside soti nan lari a toutouni. 😂 Ou pa vrèman lib pou w fè sa san konsekans, paske sosyete a gen règ li.
Menm jan an tou, ou ka di yon moun tout sa w panse de li pou w ensilte li. Men, si moun nan refize reyaji jan ou t ap tann lan, ki pouvwa ou genyen toujou? Tout moun ap eseye fè w reyaji.
Sa fè m sonje yon moun mwen te byen avè l ki te konn pran plezi l ap chèche fè m fache.
Chak fwa li manyen babin mwen, mwen fache. Li te sèvi ak sa pou l pwovoke m lè l anvi. San m pa rann mwen kont, mwen te tounen ti jwèt li.
Jiskaske yon jou, pandan li chita bò kote m, mwen envite l manyen babin mwen.
Li fè sa.
Mwen fache. 😂
Men, sèlman pou yon ti moman. Li sispann fè m sa paske l wè m pa fache ankò.
Se la mwen konprann yon bagay: vrè pouvwa pa toujou nan sa w ka anpeche moun fè w. Li nan kapasite w pou kontwole fason w reyaji lè yo fè l. Ou p ap janm ka kontwole sa moun ka fè w, sa ki ka rive. Men w ka kontwole jan w REYAJI a.
Pa kite moun jwe ak emosyon w jan yo vle.
Pa bay nenpòt moun pouvwa pou l deside kilè w dwe kontan, kilè w dwe fache oswa kilè w dwe tris.
Ou pa ka kontwole tout sa moun fè w. Men ou ka aprann kontwole repons ou bay yo.
Chwazi jan w ap reyaji.
Mwen se Donson. 💪
12/09/2026
🚨Si li pa fè w repons, se yon repons🚨
Ekri yon moun jis di l: “Hi" ou «"kijan ou ye" konn parèt chyan. Konvèsasyon sa yo san avni😂
-Kijan ou ye?
-Mw byen. E ou?
-Mw byen.
-Ok
Bann parese😂 Ok ban m pi serye
Chak moun ap viv 3 jou sou tè a. Nan 3 jou sa yo, moun nan gen pwoblèm l ap fè fas chak jou. L ap panse ak regrè li gen sou premye jou a, ki se yè. Sa li pa t byen fè ak sa l ta dwe fè ap ante l. E li panike pou 3yèm jou a, ki se demen, pandan l pa menm sèten l ap rive. Poutan, sa gate 2yèm jou a, ki se jodi a, paske l pase tout tan l ap regrèt pase a e li pè fiti a. E se nou tout ki konsa.
Imajine w ekri yon moun, li pa reponn ou. Sa gate sèl jou ki pou ou a, ki se prezan an, jodi a. Moun nan ka pa reponn paske l ap fè fas ak regrè pase l oswa pè pou demen, konsa li ka okipe nan prezan an. Moun nan gendwa pa enterese pale avè w tou. Oumenm, ou pran sa pèsonèlman. Se pa janm ou menm ki koz li pa ekri w nan 99% ka yo. Kidonk, aksepte moun nan ka pa ekri w, moun nan ka pa salye w, moun nan ka pa ede w. Pa pran sa pèsonèlman.
Imajine w pran nouvèl yon pwòch ou mouri. Pandan tan sa a, tèt ou cho. Nan moman sa a, m ekri w. Ou li mesaj mwen, w pa fè m repons. Mwen menm, ki deja panse m pa merite moun pale avè m, ki kwè pa gen moun ki enterese avè m, vin fache kont ou. An reyalite, se pa ou ki pwoblèm nan. Se sa m panse a ki pwoblèm nan. Mwen pran sa pèsonèlman, poutan sa pa gen anyen pou wè avè m. 😂
Men, w dwe konprann nan anpil ka, san repons se yon repons. Si w rele yon moun 2 fwa, li pa dekwoche, pa kontinye rele l. Si w rele l 1 fwa, li refize apèl la, pa tounen rele l. Moun nan ka okipe. Men, si apre sa l pa tounen w apèl, li pa ekri w bak pandan w konsyan moun nan disponib, sa vle di sa l vle di a. Kontinye viv. Men, gen eksepsyon. 😂 Ou pa ka malere pou w gen gwo kòlè.
Nan echèl sosyal la, plis ou anba, mwens w ap jwenn atansyon ak respè. Imajine prezidan ta ekri w. W ap twouve tan pou w pale avè l. 😂 Men, si yon moun k ap mande w èd pandan w plen pwoblèm nan bouda w ekri w, ou ap mwens antouzyas pou w reponn. Menm jan, si w rele yon moun ki dwe w 2 fwa, li pa reponn, ou dwe kontinye rele l. Anpeche l dòmi. Bipe l a minui. 😂
Brèf, pa pran anyen pèsonèlman. Konprann moun nan gen dwa pou l inyore w, pou l pa ede w. Nou tout gen fado n ap pote. Si li pa reponn ou, sispann anmède l.
Gen moun ki ekri w, rele w oswa souri w, epi sa fè w plezi. Poutan, gen moun ki rele w, e li tou gate jounen w. Ou wè, se nou tout ki konsa.
Men, si w te okipe, yon moun ekri w, lè w lib, ekri l bak. Si li te rele w, ou pa t ka reponn, rele l bak. Men sa, se si w vle. Ou granmoun. Pa gen moun ki konnen jan w fè pou w toujou anliy.
Mwen dedye pòs sa a Gabie🦋
Mwen se Donson😂
11/09/2026
🚨 DE FANM. MEN SE PA RAD LA KI FÈ DIFERANS LAN. 🚨
Gen yon verite anpil moun pa renmen tande:
Ou ka pase tout lavi w ap travay sou fason moun wè w, san w pa janm travay sou moun ou ye a.
Gen moun ki bati yon imaj pou jwenn validasyon. Yo bezwen moun admire yo, anvi yo, pale de yo, fè jalouzi pou yo. Y ap chèche atansyon. Y ap chèche like pou sa yo abiye yon fason pwovokan, prèske toutouni. Lontan fòk ou te pase anpil tan ap koze pou w wè kuis yon fanm…
Men gen lòt ki konprann yon bagay pi fon:
Atansyon se pa valè.
Moun ka admire w jodi a epi bliye w demen.
Moun ka renmen aparans ou san yo pa respekte lespri w. Moun ka anvi pwoche bò kote w san yo pa gen okenn enterè nan avni w.
Se la anpil moun konfonn “moun enterese ak mwen” ak “mwen gen valè.” Valè w pa mezire ak kantite je ki sou ou. Gen plis moun kote y ap separe manje gratis pase kote yo vann manje.
Si tout moun sispann gade w demen, èske lavi w ap toujou gen direksyon?
Èske w gen konesans?
Èske w gen disiplin?
Èske w gen yon vizyon?
Èske w ka kreye yon bagay?
Èske w ka pran bon desizyon lè pèsonn pa la pou bat bravo pou ou?
Paske gen yon jou kote bote pa ase.
Gen yon jou kote rad pa ase.
Gen yon jou kote lajan moun pa ase.
Gen yon jou kote “moun renmen m” pa ase.
Lè jou sa a rive, se sa ou konstwi anndan w ki pral pale pou ou.
Se pa tout fanm ki bezwen vin yon “lady boss”.
Men li danjere pou w pase tout lavi w ap konstwi yon imaj pou lòt moun, pandan ou pa janm pran tan pou w konstwi tèt ou.
Pa chèche sèlman vin moun moun anvi genyen.
Travay pou w vin yon moun ki difisil pou ranplase. Paske atirans la ka garanti w antre a, se valè w gen ki pra l garanti rete a.
Kounye a, gade imaj la ankò.
Ki bò ou panse sosyete a plis ankouraje moun chwazi: sa ki bay plis atansyon, oswa sa ki bati plis valè? Mwen souvan di sa: "moun ki egare yo toujou pi plis nan sal de klas yo ".
Mwen se Donson💊
11/09/2026
🚨 Sèvo w damou ide w yo, se pa moun ou kwaze a🚨
Se moun ki entèlijan ki suiv mwen. Se sa ki fè m ka di w yon seri bagay san m pa pase akote.
Imajine w pran yon fèy epi w ap dekri moun ou bezwen pou w fè vi w la. Ou imajine wotè l, gwosè l, koulè po l, fòm vizaj li, relijyon l, metye l, gou l. Ou ap priye pou w rankontre moun sa a. Plis ou dezire l, se plis w ap kiltive santiman w pou li.
Epi yon jou, ou tonbe sou yon moun ki koresponn ak sa w te dekri yo. Mwen pa bezwen di w sa k ap pase. Ou pa tonbe damou moun nan an reyalite. Ou damou ide ou te fè sou moun nan.
Ou ap pale de lanmou w gen pou moun sa a tankou se yon bagay ki natirèl. Poutan, se ou menm ki te ipnotize tèt ou pou w damou yon imaj ou te konstwi nan tèt ou.
Gen moun k ap di yo menm, yo pa fè sa. Anfèt, nou youn pa inosan. Nou deside, san nou pa rann nou kont, ki tip moun nou vle renmen. Pafwa, se televizyon ak piblisite ki montre nou ki kalite moun nou ta dwe renmen.
Epi moman revèy la rive.
Ou reveye. Gen bagay ou pral remake ki pral deranje w. Gen bagay ou bezwen nan men moun nan ou pap jwenn. Konsa, ou kòmanse desi.
Men pi difisil toujou, se lè w fè moun nan pote chay desepsyon sa a. Lè sa w te pwojte sou moun nan pa antre nan senaryo ou te imajine a, ou fè moun nan pase pou koupab.
An pasan, anpil fwa, lè moun di w ou pa bon pou yo, se paske ou pa antre nan senaryo yo te konstwi pou ou.
Imajine moun nan te imajine moun li avè l la ap toujou disponib pou li. Men ou menm, ou konsantre plis sou reyisi lavi w. Moun nan fristre epi li kòmanse fè w santi w koupab.
Men, an reyalite, ou pa nesesèman antò. Se atant li ki pa jwenn sa l t ap tann nan ki kreye pwoblèm nan.
Brèf, pa panse ou damou yon moun nan yon nivo kote ou pa ka viv san li, jouk ou neglije tèt ou, avni w ak objektif ou paske ou pè pèdi moun nan. Lanmou ka nan kè w, men imaj moun ou renmen an ap viv nan tèt ou.
E pafwa, se imaj sa a ou renmen an, se pa moun nan.
Mwen se Donson💊
11/09/2026
🚨 GEN FANM OU POTE ANTANKE GASON, OU DWE METE YO ATÈ! 🚨
Se gason w ye, ou ka pote chay ou vle. Men pafwa, ou tèlman bezwen pwouve ou gason, ou pran yon chay ki twò lou pou ou.
Mwen sonje m t ap fè ponp yon jou, yon bèl fanm pase. Mwen depase limit mwen jis pou m pwouve l mwen fò. 😂
Se menm bagay la nan relasyon. Ou touche 50 000 GDS pa mwa, men ou pran yon fanm ki fè w depanse plis pase sa w touche. Li bezwen sa, li bezwen sa ankò…
Ou fè lòt djòb, ou fatige, ou pa fè ekonomi, ou pa prepare avni w. Men chak fwa w vle kite l, ou sonje jan li bèl epi ou di:
“Se gason m ye, m ap pouse toujou.”
Non. Se pa paske ou se gason ki vle di ou dwe pote tout chay. Gen fanm ou p ap ka avanse ak yo, menm si ou se yon sòlda. Yo jis twò lou pou kapasite w. Sitou fanm ki kwè depi yo gen yon bèl kò ou dwe yo tout bagay.
Pran swen fanm ou renmen an, wi. Men pa bliye pran swen tèt ou, avni w ak vizyon w tou. Ou pa sanble ak anyen lè w abandone rèv ou pou w pran swen yon fanm. Men w seduizan lè w fokis sou rèv ou plis pase w fokis sou fanm.
Paske si yon relasyon ap pran tout enèji w ak tout lajan w san li pa ede w grandi, se pa ou ki bezwen vin pi fò. Se chay la ou bezwen mete atè.
Mwen se Donson💊
11/09/2026
🚨 Mesaj pou ou, pitit gason m🚨
Antanke yon papa, m ap toujou gen anvi bay vi w yon direksyon. Men, se vwa ou chwazi a k ap prime. Nan tèt mwen gen rèv papa m, abitid li, pè li, jwa li e, nan kò m, gen enfòmasyon m pa menm sispèk. Gen pitit se yon trich pou n kontinye egziste atravè pitit nou. Pou sa, m dwe di w kèk bagay.
Mwen fè inivèsite, menm pa janm enterese a fè efò nesesè pou m gen papye yo. Mw plis enterese a gen nivo. Mwen p ap viv sou sa m aprann lekòl. Mwen viv de envestisman. Men, se ale lekòl ki baz la. Pou mwen, al nan inivèsite san w pa gen yon pasyon se yon erè. Paske enskri nan plizyè filyè epi, nan sa w bon an, ou al ladan jis sanble ak yon moun k ap pase videyo sou TikTok paske l pa gen anyen enteresan pou l fè.
Tande m, pa al nan inivèsite sof si w pral nan yon inivèsite kote aprantisaj la pratik. Epi sa w pral aprann yo ap itil ou. Tankou si w pral aprann fè pano solèy, fabrike telefòn, konfeksyone machin. Men, si se nòt ou pral pran mete nan yon kaye pou w etidye lè egzamen epi, apre sa, w diplome, salami k ap fèt. Yon pèt tan ak lajan. Al nan kou pwofesyonèl. Monte biznis ki rezoud vrè pwoblèm.
Pitit mwen, mwen te chwazi prenon w avan w te fèt paske m konn prenon w ap enfliyanse vi w. Chèche konn kiyès moun ou gen menm prenon avè l la te ye. Mwen te gen yon bagay enpòtan pou m te di w 😂.
Pa gen anpil fanm. Sof si w gen mwayen pou w pran swen yo. Men, evite fanm lè w pa gen mwayen pou w pran swen yo. Chwazi fanm k ap ede w grandi, ki alinye ak objektif ou. Men, sa ki plis enpòtan: toujou chèche mwayen pou w fè lajan travay pou ou. Sa ki enpòtan, se fè lajan travay pou ou.
Pa chèche enpresyone zanmi w ni fè tèt ou soufri pou yo aksepte w. Anpil jèn fimen, bwè, antre nan gang jis pou yon seri zanmi ka aksepte yo. Si w oblije fè bagay ki pa ale nan sans valè w pou amitye a, se pa yon moun ki merite amitye w.
Yon dènye bagay: majorite sa yo fè w kwè yo fo. Mete yo an kesyon. Menm sa mwen di w yo. Monn lan konsi pou l distrè w e fè w bliye sa ki enpòtan. Pase plis tan san ekran, san moun, pou sèvo w respire. Pwofite viv. Tout sa w ka pè yo pa souvan reyèl. W ap viv nan yon gran ilizyon.
Asireman, w ap bezwen konnen si m renmen w. Si m renmen manman w. Men, lanmou se yon emosyon ki dire 6 minit. Tout rès la se pyèj sèvo a😂Genyen w nan vi m sove vi m paske se panse ak demen w ki toujou sous motivasyon m pou m envesti plis. Mwen deteste travay. Sa ki fè mw toujou ap chèche fè lajan travay pou mwen. Si gen yon bagay mwen vle w pran nan mwen se sa:" Menm jan avè m, mye pase m menm, twouve mwayen pou w fè lajan travay pou ou ".
Reflechi. Pase vi w ap kouri nan dèyè lajan pou w fini ak yon kont an bank vid lè w pa gen fòs pou w travay ankò a se meyè fason pou w gache inik vi w genyen an. Se paske tout majorite moun ap fè la ki fè l yon move ide. Ou konn wè nan sa l deklas ou majorite elèv yo fò? Non. Majorite a bèt bèt. W ap viv nan yon gran ilizyon.
Mwen souvan gen enpresyon m renmen w plis pase m renmen m. Anpil moun ap li mesaj sa avan w. Yo merite jwenn enfo m ba w yo tou. Se gras ak yo ki fè m gen yon prezans an liy. Anpil nan yo ap soutni m, ankouraje m pou m kontinye ouvri je, denonse, libere, ede. Konsa tou gen ki ka menm jwenn rezon pou ekri vye kòmantè. Men nan moman Ayisyen ap soufri, yo blese, bouke epi jèn yo ap mennen konba yo pa ta dwe mennen nan laj yo. Wa konprann yo.
Mwen se Donson💊
10/09/2026
🚨 FÈ ATANSYON AK FANM KI PÒV 🚨
Tout sa fanm nan genyen se yon tatoo, yon chèn nan pye, yon gwo mouda ak yon pitit.
Ou menm ou gentan ap di: “Se yon kraze w vin pran.”
Poutan li gentan ap di w: « Mwen grangou. Telefòn mwen kraze » Epi ou menm ou deja pare pou w vin minis finans lavi l. Ou oblije kraze ti pwojè w la pou w enpresyone l. Ebyen ok kouzen😎
“iPhone mwen an ka pran dlo.” Poutan, mwen pa janm al teste sa. Moun ki pou konprann ap konprann.
Kounye a, pa vin di m tout fanm ki nan sitiyasyon sa yo pòv. Non. Gen fanm ki ka gen tatoo, chèn nan pye, pitit, pa gen anpil lajan, men yo gen vizyon. Yo ka pran yon ti bagay epi fè l grandi. Yo pa chita ap tann yon gason pou peye tout bagay pou yo.
Lè yo bezwen èd, yo ka di w:
“Mwen gen yon pwojè. Men sa m bezwen pou m mete l kanpe.” Pa sèlman:
“Bebe, mwen grangou.” 😂
Tèt yo pa vid.
Ou ka chita pale avèk yo, ou wè yo gen objektif, yo gen plan, yo konnen sa yo vle fè ak lavi yo.
Men gen kèk moun ki sèvi ak sa yo genyen sou kò yo kòm sèl kapital yo. Selon yo se b$b$t yo ki pou leve yo atè a. Yo wè yo twò anfòm pou yo fè komès. Yo twò bèl pou yo pa jwenn yon nèg pou responsab yo. Epi lè kò a se sèl bagay ou genyen pou w ofri, ou vin depann de moun ki vle peye pou li.
Avan m mete feminis yo an fas mwen m ap di sa: "jou fanm Ayisyèn sispann konte sou b$b$t yo gason Ayisyen ap oblije leve nivo yo ". Mesye nivo a ba. Nou ka fè plis pase sa n ap remèt la. Mwen konn bagay yo pa fasil. Menn ka fè mye.
Men ou menm, kòm gason, ou lib tou pou w chwazi ki kalite moun ou vle mete nan lavi w. Mwen ap bat pou m sispann di w gwo verite oou face sispann bloke pwogresyon paj mwen an, menm pa ka. Mwen bezwenn reveye🦋
Mwen se Donson💊
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Limonade