HubConnect

HubConnect

Partager

At HUBCONNECT ©, we bring collaboration to life, designing creative and effective solutions.

22/09/2026

Nou toujou ap pale de teknoloji… men konbyen fwa nou chita pou n mande tèt nou ki sa nou menm, kòm jèn Ayisyen, ka kreye avèk li?

Se youn nan konvèsasyon n ap louvri pou lansman HubConnect lan.

Kode. Kreye kontni. Jwenn Opòtinite. Chache Solisyon.

Avèk Mike Bellot — Antreprenè, Fondatè Kawacademy

📅 18 Oktòb 2026 | ⏰ 2h–4h
📍 Bibliothèque Michèle Tardieu

Ann pale teknoloji ann pale kontni. Ann pale posiblite.

17/09/2026

Nou toujou ap pale de teknoloji… men konbyen fwa nou chita pou n mande tèt nou ki sa nou menm, kòm jèn Ayisyen, ka kreye avèk li?

Se youn nan konvèsasyon n ap louvri pou lansman HubConnect lan.

Kode. Kreye kontni. Jwenn Opòtinite. Chache Solisyon.

Avèk Carlin Trezil— Fotograf, vodeyas UI Dizaynè.

📅 18 Oktòb 2026 | ⏰ 2h–4h
📍 Bibliothèque Michèle Tardieu

Ann pale teknoloji ann pale kontni. Ann pale posiblite.

17/09/2026

Nou toujou ap pale de teknoloji… men konbyen fwa nou chita pou n mande tèt nou ki sa nou menm, kòm jèn Ayisyen, ka kreye avèk li?

Pou lansman Hubconnect nou ap gen opòtinite pale ak Guy Allain Apollon yon devlopè an ayiti

📅 18 Oktòb 2026 | ⏰ 2h–4h
📍 Bibliothèque Michèle Tardieu

Ann pale teknoloji. Ann pale posiblite.

23/04/2026

Vinn aprann videyografi fotografi…sou platfòm ofisyèl la.

Nan kèk tan ankò, w ap kapab antre sou platfòm la pou w aprann:
🎥 Videyo
📸 Fotografi
🎨 Konsepsyon grafik
💻 Lòt konpetans dijital ki ka chanje lavi w

Mete òdinatè w ak telefòn ou nan chaj depi kounya…
Paske lè nou lanse, ou dwe pare pou pran plas ou!

01/12/2025

HubConnect swete tout manm kominote a yon ekselan kòmansman mwa desanm.
Dènye mwa ane a rive, epi nou antre ladan l ak enèji, vizyon ak angajman.

Mwa desanm nan pral yon mwa trè espesyal pou HubConnect, paske nou gen anpil nouvote k ap vini sou platfòm nan, plis inisyativ ki pral make fen ane a nan yon fason ekstraòdinè.

Nan desanm sa a, n ap:

prezante nouvo fonksyonalite,

mete deyò nouvo eksperyans pou etidyan yo,

lanse pwojè ki pral make kòmansman ane 2025 la,

epi prepare lansman ofisyèl kèk gwo inovasyon.

Nou pral fini ane a nan yon bèl fason, avèk plis valè, plis konesans, plis opòtinite pou jèn yo.

Rete branche, plis bagay ap vini.
Se sèlman kòmansman an.

13/11/2025

Kreyatè 2.0
Let’s Go
ANN KREYE

20/10/2025

Abòne ak nou.
fòmasyon, opòtinite ak inovasyon ap tann ou!

17/10/2025

"Nou sèmante pou n goumen pou endepandans peyi nou."
Se te pawòl Jean-Jacques Dessalines.

Jean-Jacques Dessalines te asasinen 17 oktòb 1806. Jodi a, nou pa sèlman ap komemore lanmò Anperè a , se tou yon moman refleksyon, pou n gade kijan nou chak ka mete men pou chanjman Ayiti .

Dessalines te oze leve paske li te gen yon rèv. Ou menm, kilè w ap leve pou rèv pa w?

Rete konekte ak Hubconnect, paske avanti a fenk kòmanse.

Photos from HubConnect's post 23/09/2025

Jodi a se yon gwo jou, se jou yon bra fò nan ekip HubConnect ap selebre lavi li.
Cassandrine Destima, w se yon sous fòs, enspirasyon ak devouman nan tout sa nou ap bati ansanm.

Nou swete w plis siksè, plis kouraj, plis benediksyon nan tout pwojè w yo.
Se pou rèv ou kontinye pran lavi, e pou chak ane pote w pi pre objektif ou yo.

Ekip HubConnect la fyè pou gen ou bò kote nou.
Bon rekòlt Kafe ankò, Cassandrine Destima!

an nou kite yon kòmantè pou li

20/09/2025

Jodi a nou selebre memwa Anperè Jean-Jacques Dessalines, papa nasyon ayisyèn lan, nonm ki leve drapo libète a e ki mete Ayiti kòm premye Repiblik Nwa endepandan nan mond lan.

Dessalines te kwè nan fòs yon pèp ki ini, nan diyite, nan endepandans.
Se menm lespri sa k ap gide HubConnect jodi a : ini jèn yo, libere potansyèl yo atravè fòmasyon, epi bati yon avni kote konesans ak kreyativite ap pèmèt yo pran plas yo nan ekonomi mondyal la.

Misyon HubConnect, se kontinye pote flanbo vizyon sa : fòme, ini, e leve yon jenerasyon ki kapab chanje Ayiti ak mond lan.

Papa Nasyon an, w ap toujou enspire nou.

Téléphone

Site Web

Adresse

Carrefour
Ouest

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque HubConnect publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Souscrire

Nous vous informerons quand tout se passe à Ouest.