Champagne Belfond
Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Champagne Belfond, Journaliste, Les Cayes.
Journaliste | Communicateur social | Étudiant en Droit | Homme d'affaires | Organisateur d'évènement | Personnalité Médiatique | Maître de Cérémonie | Fondateur de Luxe Business Group.
21/09/2026
🔴 CANADA | SOCIÉTÉ | Ernxo Pierre, yon ansyen anplwaye primati ki te okipe yon pòs direksyon, lanse yon apèl bay Premye Minis Fils-Aimé ak tout moun ki kapab ede l jwenn yon dokiman tranzit pou l retounen Ayiti.
Li eksplike li ap lite depi plizyè ane ak yon maladi grav e li swete kontinye trètman li nan peyi a. Li presize li pa mande lajan, men li bezwen èd pou jwenn yon pasaj tranzit, paske viza ameriken li ekspire.
Li mande otorite yo ak medya yo pote kole pou ede l retounen Ayiti rapid.
📞 WhatsApp : 2896 7337 07
📧 Imèl : [email protected]
21/09/2026
🔴 PETIT-GOÂVE | ACCIDENT | Yon gwo aksidan ki pwodui dimanch 20 septanm 2026 la nan Tigwav pi presizeman nan kafou avni libète an fas La foi De Job Materiaux De Construction an.
Yon machin RAV4 kote chofè a t ap fè eksè vitès li pase pran yon moto kote 3 moun viktim. Pami viktim yo, se jèn fi sa ki rele Naomie Lebrun ki rete nan koridò (kay Matilia sou wout Nasyonal la) ki t ap mache a pye soti nan mache ki rive pèdi lavi li souplas, kote tèt li ak je li fè yon bò.
Lòt viktim yo, Komisè Elioth te transpòte yo Lopital Notre Dame Tigwav la pou yo te kapab pran swen. Youn nan viktim yo se Madan Giyou Frédéric.
21/09/2026
🔴 ÉTATS-UNIS | JUSTICE | Samir Handal, yon biznismann ayisyen, jwenn arestasyon li Ozetazini nan kad ankèt federal sou asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse, daprè enfòmasyon Miami Herald rapòte epi Media Libre te pibliye dimanch 20 septanm 2026 la.
Daprè rapò sa yo, Handal fè pati anviwon sis moun ki arete pami 11 nouvo moun ki ta fèk jwenn akizasyon nan kad ankèt ameriken an. Pwokirè ameriken yo akize l dèske li ta bay sipò lojistik ak Christian Emmanuel Sanon, youn nan moun ki deja site nan dosye konplo ki te mennen nan asasina Jovenel Moïse la.
Non Samir Handal te parèt deja nan ankèt la depi 2021. Li te arete nan Istanbul, Latiki, nan mwa novanm 2021, apre li te fè objè yon avi wouj Interpol. An jiyè 2022, yon tribinal Tik te rejte demann Ayiti pou ekstrade l epi li te bay lòd pou libere l.
Nouvo devlopman sila rive pandan Etazini ap ranfòse pwosedi jidisyè li nan dosye asasina Jovenel Moïse la. 18 lòt moun, pami yo Joseph Félix Badio ak 17 mèsenè yo transfere soti Ayiti pou yo konparèt devan lajistis federal nan Florid. Depatman Jistis ameriken konfime operasyon an e li di ankèt la ap kontinye chèche tout moun ki te finanse, fasilite ak patisipe nan konplo a.
An Ayiti, Samir Handal te vize nan yon manda damne jij enstriksyon Cyprien Jean Denis Pierre te emèt nan mwa jen 2026 nan kad ankèt sou asasina Jovenel Moïse ak tantativ asasina Martine Moïse.
Handal ap fè premye aparisyon li devan yon jij federal nan Miami lendi 21 septanm 2026 la, ansanm ak lòt moun ki fèk tonbe anba akizasyon nan dosye a.
21/09/2026
🔴 PORTT-AU-PRINCE | JUSTICE | Le ministère de la Justice et de la Sécurité publique (MJSP) a confirmé la remise aux autorités américaines de 18 personnes détenues en Haïti dans le cadre de l’enquête sur l’assassinat du président Jovenel Moïse, dont Joseph Félix Badio et 17 anciens militaires colombiens.
Dans un communiqué signé par le ministre Patrick Pélissier, le MJSP explique que cette décision intervient à la demande des autorités américaines, en application des mécanismes d’extradition prévus entre Haïti et les États-Unis. Selon le ministère, la démarche vise à permettre le jugement des personnes concernées et à contribuer à l’établissement des faits ainsi qu’à l’identification des responsabilités.
Le gouvernement souligne également le contraste entre les deux procédures judiciaires. Alors que la justice américaine a enregistré des arrestations, des poursuites et des condamnations, la procédure haïtienne n’a toujours pas abouti à la tenue d’un procès, près de cinq ans après l’assassinat survenu dans la nuit du 6 au 7 juillet 2021.
Le MJSP affirme toutefois que les informations et éléments de preuve recueillis dans le cadre de la coopération avec les autorités américaines pourront servir à approfondir les investigations en Haïti. Le gouvernement réaffirme enfin sa volonté de voir aboutir la procédure judiciaire concernant l’assassinat de Jovenel Moïse.
21/09/2026
🔴 PETIT-GOÂVE | POLITIQUE | Sa fè kèk jou gen yon kesyon k ap fè tole sou rezo sosyal yo, sou Èske moun Tigwav bliye sak te pase sou ansyen administrasyon kominal Tigwav yo? Pandan kèk moun ap fè pwomosyon pou Sandra Jules kòm kandida pou depite, lòt moun ap mande si se pa yon bon moman pou popilasyon an egzamine bilan li anvan li ta vin gen lide pou l kandida.
Woldenskee Mainviel pa t pran tan pou l reyaji epi bay pozisyon li. « Sandra Jules pou Tigwav ❌ NOU P AP PRAN VÒLÒ » se sa li ekri sou Facebook. Li kritike moun k ap fè pwomosyon pou ansyen majistra a, epi li mande tou kote entèlektyèl Tigwav yo ye devan sa li konsidere kòm yon pwoblèm pou lavni kominote a.
Men, pou n konprann poukisa dosye sa ap fè tout deba sa yo fòk nou retounen nan sa ki te pase nan ansyen administrasyon kominal la nan epòk Sandra jules t ap dirije komin nan.
Nan dat 4 jiyè 2015 lan, HaitiLibre te pibliye yon atik sou yon odyans CSCCA konsènan depans Meri Tigwav ant 2012 ak 2015. Atik la te rapòte ke sou 13 milyon goud depans ki te egzamine yo, se sèlman 2 milyon goud komisyon minisipal la ki te gen nan tèt li Sandra jules te ka jistifye pandan odyans lan, kote yo pat gen okenn jistifikasyon pou rès 11 milyon goud la. Yon lajan ki disparèt san eksplikasyon.
Enfòmasyon sa montre klè gen gwo kesyon ki ta dwe poze sou jesyon fon piblik la ki dwe soulve devan enstitisyon kontwòl Leta a.
Nan yon lòt dokiman ki t ap s*kile sou rezo sosyal yo montre yon sètifika dechaj CSCCA ki date 9 mas 2016. Sètifika sa bay Sandra Jules Wilcoy décharge pleine et entière pou jesyon li kòm majistra prensipal Tigwav, pou peryòd dawout 2012 rive septanm 2014.
Dokiman an mansyone yon arrêt de quitus ke Chambre des affaires financières te rann 11 fevriye 2016 lan. Sa vle di gen yon desizyon administratif ofisyèl ki te bay décharge pou peryòd sila.
Men, pou Woldenskee Mainviel dosye sa paka kanpe la. Li ekri: « Sa se jis blanchiman Leta. » Li konsidere décharge sa kòm yon papye ki pa montre kote lajan an te pase, ni si yo te jwenn tout lajan an. Li kritike fason li wè sistèm politik la ap fonksyone, kote moun ki gen menm afilyasyon yo ka pwoteje youn lòt. Sitou nan peryòd sa si n ap gade Michel Joseph Martelly ki te prezidan se parenn pitit koup Jacques Stevenson Thimoleon ki te depite ak Sandra W. Jules.
Se yon pozisyon kritik li menm ap defann. Dokiman an pa pwouve yon blanchiman politik, men tou sa pa anpeche sitwayen yo mande plis eksplikasyon ak transparans sou jesyon fon piblik la.
Non Sandra Jules la pa parèt nan yon vakyòm politik. Li parèt nan yon peyi kote PHTK, mouvman politik ki asosye ak ansyen prezidan Michel Martelly, te jwe yon wòl enpòtan nan pouvwa a pandan plizyè ane.
Michel Martelly te prezidan Ayiti ant 2011 ak 2016. PHTK te vin fòs politik ki te pote Jovenel Moïse sou pouvwa nan lane 2017. Depi peryòd sa mouvman sa te rete pi gwo mal peyi a te ka fè tèt li.
PHTK pa yon gwoupman ki te sèlman kenbe peyi a an otaj ak istwa eleksyon ak administrasyon. Li pote tou yon seri gwo kontwovès sou koripsyon, sou jesyon pouvwa ak sou relasyon politik ak gwoup ame.
Nan yon rapò Human Rights Watch pibliye an 2023, òganizasyon an te rapòte akizasyon sou lyen ant administrasyon Michel Martelly a, PHTK ak gwoup ame yo an Ayiti. Rapò a te site tou sanksyon Kanada te pran an 2022 kont Martelly ak 2 ansyen premye minis, sou akizasyon ki gen rapò ak finansman gwoup ame yo, blanchi lajan ak lòt zak koripsyon pou n site sa yo sèlman.
Nan mwa dawout 2024, Etazini te pran sanksyon kont Michel Martelly, anba akizasyon kote li te konn fasilite trafik dwòg, sipòte plizyè gang an Ayiti epi patisipe nan blanchi lajan. Martelly ak reprezantan li yo pa t bay okenn repons piblik ni eksplikasyon ki te chanje sa ki te anonse nan sanksyon yo nan moman an.
Lè yon ansyen prezidan ak kreyatè yon mouvman politik gen yon seri akizasyon konsa nan men gouvènman etranje, sa mande plis detay ke yon senp eksplikasyon. Sa mande klarifikasyon, ankèt epi, kote sa nesesè, responsablite penal tou.
Human Rights Watch rapòte ke pandan manda Jovenel Moïse la, opozisyon ak sosyete sivil te akize gouvènman an ke li te sèvi ak gwoup ame yo pou kraze manifestasyon, kontwole katye epi jwenn avantaj politik. Rapò a mansyone akizasyon sipò pou alyans G9, ke Jimmy Chérizier alyas Babekyou te dirije, nan kad masak La Saline an novanm 2018.
Nan yon peyi kote moun pa ka s*kile, kote lekòl fèmen, kote fanmi oblije kite kay yo, kesyon sou relasyon ant pouvwa ak gang pa ka rete yon sijè pou kèk espesyalis sèlman. Se yon kesyon ki konsène lavi chak jou tout sitwayen.
Se nan kontèks sa politològ Mainviel kritike pwomosyon Sandra Jules la. Pou li, pwoblèm nan pa sèlman sou yon kandida, men sou yon sistèm politik ki kontinye bay moun ki gen bilan kontwovèse espas pou retounen sou sèn nan.
Kote entèlektyèl Tigwav yo?
« Kote entèlektyèl Tigwav yo? N ap kite sa pase konsa? » Se sa Mainviel ekri nan yon lòt piblikasyon.
Kesyon sa touche yon bagay ki pi laj pase koze Sandra Jules. Lè yon kominote ap chèche moun pou reprezante li nan Palman an, se pa sèlman afich ak sipò politik ki dwe konte, donk bilan, transparans ak kapasite pou rann kont dwe antre nan kalkil la.
Li ekri tou: « Chak jou n ap bay Alain Turnier rezon. » Fraz sila prezante kòm yon refleksyon sou kritik Alain Turnier te pote sou fason Ayiti ap fonksyone.
Dosye Sandra Jules la montre yon bagay ki vrèman enpòtan kote, memwa kolektif la pa dwe limite ak jou eleksyon an. Lè gen kesyon sou lajan piblik, sou responsabilite ak sou transparans, se pou yo rete nan sant deba jiskaske ansyen fonksyonè sa yo bay verite ak transparans si yo vle jwenn konfyans popilasyon an ak sipò kominote a.
Sa pa vle di yon moun pa gen dwa patisipe nan lavi politik aprè li fin dirije yon administrasyon. Men li vle di tou elektè yo gen dwa mande repons, mande bilan epi egzamine tout dokiman ki konsène yon kandida avan menm li ta bezwen konfyans popilasyon an.
Tigwav merite yon reprezantasyon ki chita sou konfyans. Epi konfyans pa soti nan bèl pawòl sèlman. Li soti nan responsabilite, transparans ak kapasite pou rann kont.
✍🏼 : Ch*****ne Belfond
06/09/2026
🔴 PORT-AU-PRINCE | JUSTICE | Komisè Gouvènman Tribinal Premyè Enstans Pòtoprens lan, mèt Jean Fritz Paterson Dorval, voye yon envitasyon bay Arnel Bélizaire, pou l prezante nan biwo Pakè a nan dat 7 septanm 2026, a 1è nan aprèmidi.
Daprè dokiman an, objektif rankont lan se pou ansyen depite a bay eksplikasyon sou enplikasyon li prezime nan òganizasyon manifestasyon ki te fèt 4 septanm 2026 la.
Pakè a fè konnen envitasyon an vini apre enfòmasyon li resevwa ki ta fè konnen gen aksyon ki kapab twouble lòd sosyal epi afekte fonksyònman regilye enstitisyon Repiblik yo.
Nan lèt la, otorite jidisyè yo mande Arnel Bélizaire pou l prezante ak yon pyès idantite, ansanm ak tout dokiman oubyen lòt eleman ki kapab itil pou bay eksplikasyon li yo.
Pakè a presize tou ke envitasyon sila fèt san prejije sou okenn desizyon oubyen pouswit jidisyè li ta ka bay dosye a apre eleman ak enfòmasyon ki pral rasanble yo.
06/09/2026
🔴 HAÏTI | SPORT | La Fédération haïtienne de football (FHF) a officiellement présenté, vendredi 4 septembre 2026, à l’Hôtel Karibe de Port-au-Prince, David Badía comme nouveau sélectionneur de l’équipe nationale masculine. Le technicien espagnol de 51 ans, nommé au mois d’août, a profité de cette première conférence de presse pour exposer sa philosophie, ses objectifs et sa vision pour les Grenadiers.
Sous contrat avec la FHF jusqu’en 2028, Badía veut s’inscrire dans une logique de progression. Il estime que la sélection dispose déjà d’un bon niveau, mais considère qu’elle doit continuer à évoluer et surtout développer une identité propre.
« Mon objectif et ma mission sont de continuer à faire grandir cette équipe et de la maintenir au niveau où elle se trouve déjà. Nous sommes aujourd’hui à un bon niveau, mais nous savons que cela ne suffit pas », a-t-il déclaré.
Sur le terrain, le nouvel entraîneur annonce une approche résolument offensive. Il souhaite une équipe capable de conserver le ballon, d’imposer son rythme et d’être protagoniste aussi bien avec que sans possession. « J’aime un football attractif et offensif », a-t-il affirmé, tout en insistant sur l’intensité que ses joueurs devront afficher dans leurs actions.
Badía s’est également montré marqué par l’engouement populaire autour de la sélection. Lors de son arrivée à Port-au-Prince, il dit avoir été impressionné par le nombre de personnes portant le maillot national dans les rues, alors même qu’aucun match n’était programmé ce jour-là. Pour lui, cette ferveur témoigne de l’amour et de la passion du peuple haïtien pour les Grenadiers.
Avec cette nouvelle étape, David Badía entend donc consolider le niveau actuel de la sélection, construire son identité de jeu et poursuivre sa progression, avec l’ambition de proposer un football plus attractif et offensif.
06/09/2026
🔴 AUX CAYES | ÉDUCATION | Inivèsite Piblik Sid nan Okay (UPSAC), atravè Sèvis d’Aide à la Recherche des Mémoires (SAREM) nan Vis-Rektora pou Rechèch (VRR), lanse ofisyèlman « Pwojè 100 », yon pwogram ki vize akonpaye omwen 100 etidyan nan pwosesis ekri ak soutnans memwa yo.
Pwojè a jwenn finansman nan men Fon Nasyonal pou Edikasyon (FNE), ak yon bidjè 1 milyon goud. UPSAC ap pote pwòp kontribisyon pa li nan reyalizasyon aktivite yo.
Lansman an, ki te fèt 4 septanm 2026, te reyini Vis-rektè pou Rechèch la, Pierre Michel Laguerre, ansanm ak responsab akademik, pwofesè ak etidyan.
Anvan prezantasyon pwojè a, rektè UPSAC la, Jules Edouard, te pran lapawòl pou salye epi remèsye responsab ak patisipan yo. Li te rekonèt limit mwayen finansye inivèsite a, men li estime UPSAC dwe fè tout sa li kapab pou akonpaye etidyan yo sou wout ki mennen yo nan gradyasyon.
Selon rektè a, objektif la se rive pèmèt yon santèn etidyan soutni memwa yo epi gradye, swa nan mwa desanm oubyen nan kòmansman mwa janvye.
Nan pawòl byenvini li yo, kòdonatè Pwojè 100 lan, pwofesè Diachoix Belfond, prezante objektif pwogram nan ansanm ak pwoblèm ki jistifye mete l sou pye.
Li mete aksan sou difikilte sistèm inivèsite ayisyen an ap fè fas ak yo, sitou kantite etidyan ki rive konplete s*k lisans yo. Pou soutni analiz li, li site yon etid MENFP te reyalize an 2019 ansanm ak yon etid Delon te fè an 2023 sou ILA, ki montre obstak ki kapab egziste ant fòmasyon akademik ak jwenn diplòm nan.
Nan ka UPSAC, done yo prezante pandan aktivite lansman an montre inivèsite a ta gen mwens pase 900 etidyan ki lisansye pandan 27 lane egzistans li.
Responsab yo idantifye plizyè faktè ki kapab esplike sitiyasyon an, pami yo difikilte pou jwenn moun ki kalifye pou akonpaye etidyan yo ak pwoblèm ki gen rapò ak ankadreman memwa yo.
Pwofesè Diachoix Belfond mete tou aksan sou nesesite pou kraze kèk mit ki antoure ekri ak soutnans memwa. Daprè li, fason yon etidyan viv relasyon li ak ankadrè li kapab enfliyanse fason li apwoche pwosesis rechèch la. Yon ankadrè ki kreye laperèz kapab, pa egzanp, ogmante enkyetid etidyan an devan travay akademik la.
Pwojè 100 lan chita sou twa objektif prensipal:
1. Akonpaye omwen 100 etidyan nan pwosesis ekri ak soutnans memwa yo;
2. Ranmase done pou pi byen konprann rezon ki dèyè kantite limite etidyan ki rive lisansye nan UPSAC;
3. Kontribye nan retire mit ak laperèz ki asosye ak ekri ak soutnans memwa.
Anplis akonpayman dirèk la, pwogram nan vize devlope kapasite etidyan yo pou yo ekri epi prezante rezilta rechèch syantifik yo, amelyore kalite memwa yo epi ogmante kantite etidyan ki rive jwenn diplòm yo.
Done ki pral ranmase yo dwe pèmèt SAREM genyen enfòmasyon ki pi fyab sou pwosesis la, yon fason pou gide desizyon ak lòt entèvansyon akademik nan lavni.
Plizyè aktivite prevwa nan kad pwojè a, tankou rankont ak pwofesè, fòmasyon, atelye metodolojik, ekri ak koreksyon rapò, soutnans memwa ak gradyasyon.
Enskripsyon yo te fikse ant 5 dawout ak 18 septanm 2026. Yon fòmasyon pou pwofesè yo sou kesyon rechèch ak doktè Mariana te fèt 31 dawout, pandan lansman ofisyèl pwojè a te fèt 4 septanm.
Atelye yo dwe kòmanse 16 septanm, epi premye rapò yo dwe soumèt 30 septanm. Faz atelye yo prevwa fini 30 oktòb 2026.
Pou soutnans yo, peryòd ki fikse a se ant 23 novanm ak 23 desanm, pandan yon gradyasyon prevwa pou 27 desanm 2026. Rapò final pwojè a dwe soumèt 15 janvye 2027 se konsa estaf k ap jere pwojè a te eksplike li.
Pou responsab yo, Pwojè 100 lan pa sèlman yon pwogram pou ede yon kantite etidyan soutni memwa yo. Li se tou yon opòtinite pou UPSAC etidye pi fon pwoblèm ki lakoz kantite etidyan ki rive lisansye yo rete limite.
Nan kad sila, pwojè a prevwa ranfòse kapasite metodolojik etidyan yo, fòme pwofesè yo sou metodoloji rechèch epi amelyore kondisyon ankadreman akademik yo.
Alontèm, ekip pwojè a swete eksperyans sila kapab ede UPSAC ogmante kantite lisansye li yo epi, nan lavni, rive akonpaye omwen 100 nouvo lisansye chak ane.
06/09/2026
🔴 PORT-AU-PRINCE | CRIME | Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) lanse yon avi rechèch kont Esther Thomas, ke yo konnen sou non « Nice B », daprè yon avi ki pibliye jodi 6 septanm 2026 la.
Daprè dokiman ki pote non DCPJ a, Esther Thomas ap chèche pou plizyè akizasyon, pami yo asasina, tantativ asasina ak asosyasyon malfèktè. Avi a prezante li kòm yon moun ki danjere e ki ame, epi li mande tout moun ki ta gen enfòmasyon sou kote li ye pou kontakte otorite yo.
Rechèch sa a vini apre yon videyo ki gen anpil vyolans vin viral sou rezo sosyal yo. Videyo a montre plizyè moun k ap demanbre yon jèn fanm ak kout manchèt, pandan yo di Esther Thomas ta prezan nan moman an.
Daprè enfòmasyon k ap s*kile sou rezo sosyal yo, viktim nan ta ka yon jèn fanm ki te deja pibliye yon foto kote « Nice B » te parèt bò kote yon moun yo prezante kòm yon manm gang 400 Mawozo. Enfòmasyon sa yo fè konnen jèn fanm nan ta vin pran kòm sib nan yon aksyon ki gen rapò ak represay .
Mezanmi 😭😭😭