Farinay
Farinay est une plate-forme en ligne dédiée à la création et promotion de contenus liés aux pratiques culturelles haïtiennes
17/08/2026
Kembe Roro d'Haïti vivan
Ann founi je gade yon moso nan prestasyon Grès balèn ak TCHEKHOVER SAX, yon repriz mizik ki titre Vyòl la, sou albòm Kembe Roro D'Haïti a.
Tchekhover sax Grès Balèn Racine Roro d'Haïti
Fanmi Dauphin nan tèt Kole ak Jenerasyon Za epi kèk lòt patnè te òganize yon omaj pou salye depa Roro D'Haïti.
"Kembe Roro D'Haïti vivan"
Ewald Dauphin, tout moun konnen sou non atis li ki se Roro D'Haïti travèse jou 8 me 2026 la. Jenerasyon Za mete ak fanmi travèse a pou rann li yon omaj byen merite. Aktivite sila a, jan non an presize l la, se yon inisyativ pou kenbe atis la vivan nan nou chak atravè zèv li yo, mòd lavi l, ak eritaj li yo.
Anpil atis, fanatik te fè deplasman pou vin temwanye nan fason pa yo.
An n reviv kèk imaj ak Farinay medya
24/05/2026
23/05/2026
Vyòl, Mezanmi pale, Fanm vanyan; se yon seri mizik Roro d'Haïti moun souvan ap tande oubyen chante pou otan se pa sèlman mizik sa yo atis militan genyen. Ann fè yon ti retounen sou lavi Roro d'Haïti ak Farinay
12/05/2026
12 me 1984 te make jou lanmò yon gwo vwa nan literati oral ayisyen an : Maurice Alfredo Sixto, Pwofesè, jounalis, entèprèt, men sitou mèt lodyans.
Maurice Sixto sèvi ak lang lan kòm zouti pou denonse enjistis ak kontradiksyon sosyete ayisyen an. Nan zèv li yo, li pale sou restavèk, koripsyon, move gouvènans, konplèks sosyal ak kesyon lang nan peyi a. Malgre maladi glokòm te fè li pèdi vizyon li an 1970, sa pa t fè l sispann pouse bak kreyasyon l pi lwen.
Avèk plis pase 60 lodyans ak seri “Choses et gens entendus”, li kite yon patrimwàn kiltirèl ki kontinye fòme konsyans plizyè jenerasyon, ki fè eritaj li a p ap janm sispann klere nan memwa pèp ayisyen an.
Kawousèl sa a se yon ti rale sou lavi, angajman ak tras Maurice Sixto kite nan kilti ayisyen an.
Ki lodyans Maurice Sixto ki plis make w?