Htime

Htime

Partager

Société de Media/ D'actualités

02/10/2026

Youn nan Pi gran jwè monde lan.

02/10/2026

Chapo Ba Sòlda

02/10/2026

kite yon mo pou Providence espesyalman pou match aswè a fas Rep.Dominicaine lan .

01/10/2026

Ansyen Gadyen Seleksyon Nasyonal la, Pierre Fuento ki te vin fè pati estaf teknik U17 ak U20 Medam yo kòm Coach epi aktyèlman ki se Antrenè epi Direktè teknik Nan Veteran Akademi foutbòl (VAF) pa kache kontantman li sou fason se seleksyon an an ap grandi chak jou.
Ansyen Grenadye a salye Travay Sébastien Migné te komanse fè avèk ekip la e li mande piblik la pran pasyans ak nouvou antrenè a.
Pierre Fuento konsyan de nivo motivasyon Dominiken yo pou yo genyen Match kap jwe apre midi a premye oktòb 2026 la men li konnen Ayisyen abitye ak batay sa yo li espere Grenadye yo ap pote viktwa.

01/10/2026

Fantom avèk Staff li fè bèl netwayaj ant Rue 27 A ak Boulva Vil okap jodi mèkredi 30 septanm lan .

30/09/2026

Demen nap bat Sendomeng pou plizyè rezon.

Nou te gen Chans rankontre Fantom ak Percutant Flow
Nan kad yon aktivite netwayaj li menm ak manb Staff Management li tap fè zòn Rue 27 A ak Boulva nan vil okap.
Nou te profite moman sa pou fè yon ti pale sou Match Ayiti genyen pou jwe fas ak Sendomeng de premye octobre 2026 la.
Sou yon ton iwonik, Fantom di Ayiti pral bat Se demen pou plizyè rezon😂.
E ou menm ki saw panse de Match sa?

29/09/2026

Ayiti sou wout pou separe an 4 fasad
Selon Sitwayen Sa tan pou Wilner Pa Prezidan.
Kesyon tout moun ap poze se kiyès ki Wilner a?

28/09/2026

Moun Okap chwazi viv ak pil fatra yo tankou 2 bon zanmi.
Non, se pa yon foto AI. Foto sa fèt sa gen sèlman 2 jou nan Site EPPLS.
E malerezman, se pa yon sitiyasyon ki limite ak yon sèl kote. Se yon reyalite nou jwenn nan plizyè site nan vil Okap.
Petèt moun k ap viv nan zòn sa yo pa gen ase vwa pou yo fè otorite yo tande pwoblèm yo.
Petèt pa gen gwo biznis nan zòn sa yo pou mete presyon.
Petèt lè yo netwaye zòn sa yo, sa pa ase vizib pou fè pwopagann.
Men, Mezanmi, sa pa posib.
Moun k ap viv nan site yo se sitwayen menm jan ak tout lòt moun. Yo merite yon anviwònman pwòp, diy ak an sante.

24/09/2026

Phanuel Odalbert Anonse kandidati li kòm Depite pou Sikonskripsyon Plèn Dinò Ak Milo !

Kowòdonatè Nasyonal Pati politik "Les Patriotes" la te al enskri kòm elektè nan zòn Wobiya avèk yon pakèt moun dèyèl, Daprè Phanuel Odalbert Popilasyon nan zòn sa konnen ke li se youn nan moun ki ka reprezante yo valableman se sak fè tout moun sa yo te akonpanye li pandan te al enskri kòm elektè nan rejis elektoral la.

21/09/2026

Nan vil okap❗️
Dekouvèt yon gaz kap s***e nan yon twou ego nan ri 19 A anpil moun di se yon Mine men poko gen yon etid syantifik ki fèt pou konfime sa.

Catégorie

Adresse


Vertiere
Cap-Haïtien

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Htime publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

S’abonner

Nous vous informerons de toute nouveauté à Cap-Haïtien.