AJSSD

AJSSD

Partager

Nous travaillons pour former des jeunes responsables, solidaires et acteurs du changement

AJSSD (Association des Jeunes Solidaires pour le Développement Durable) est une organisation engagée dans l’éducation, la culture et l’engagement citoyen des jeunes.

21/08/2026

💜 MÈSI POU SIPÒ W!

Gras ak kontribisyon w lan, AJSSD rive fòme plis pase 20 jèn nan domèn Sante Seksyèl ak Repwodiktif (SSR).

Men sa se sèlman yon kòmansman. 🌱 Lòt fòmasyon ap vini, pou nou kontinye ranfòse kapasite jèn yo epi touche plis moun.

Mèsi paske w ap ede AJSSD konstwi yon jenerasyon ki pi enfòme, pi responsab e pi angaje. 🤝🏾

Ann kontinye fè plis ansanm! 💜

AJSSD — Ansanm pou yon devlopman dirab.

Photos from AJSSD's post 15/08/2026

𝗞𝗼𝗻𝗻𝗲𝗻 𝘁𝗲̀𝘁 𝗼𝘂,𝘀𝗲 𝗽𝗿𝗲𝗺𝘆𝗲 𝗿𝗲𝘀𝗽𝗼𝗻𝘀𝗮𝗯𝗶𝗹𝗶𝘁𝗲.

🧠Lè yon jèn konnen tèt li, konprann kò li, epi li byen enfòme sou dwa ak responsablite li, li pi byen prepare pou pran desizyon ki gen bon enpak sou lavi li.

Se nan sans sa a AJSSD, an patenarya ak PROFAMIL, te lanse PIJLER atravè yon fòmasyon sou 𝗦𝗮𝗻𝘁𝗲 𝗦𝗲𝗸𝘀𝘆𝗲̀𝗹 𝗮𝗸 𝗥𝗲𝗽𝘄𝗼𝗱𝗶𝗸𝘁𝗶𝗳.

Pandan 5 jou, 20 jèn te benefisye yon espas aprantisaj kote yo te kapab poze kesyon, reflechi, epi ranfòse konesans yo pou yo aji avèk plis responsablite, respè ak konsyans.

Nou kwè yon jèn ki byen enfòme pa sèlman pwoteje tèt li, men li kapab tou vin yon sous enfliyans pozitif pou lòt jèn ak pou kominote li.

Konesans chanje fason nou panse. Fason nou panse chanje fason nou aji.

PIJLER — Prepare jèn pou yo vin aktè chanjman.

06/08/2026

📢 𝐀𝐉𝐒𝐒𝐃 est fier de lancer 𝐏𝐈𝐉𝐋𝐄𝐑 (𝑷𝒓𝒐𝒈𝒓𝒂𝒎𝒎𝒆 𝑰𝒏𝒄𝒖𝒃𝒂𝒕𝒆𝒖𝒓 𝒅𝒆𝒔 𝑱𝒆𝒖𝒏𝒆𝒔 𝑳𝒆𝒂𝒅𝒆𝒓𝒔 𝒆𝒕 𝑬𝒏𝒕𝒓𝒆𝒑𝒓𝒆𝒏𝒆𝒖𝒓𝒔 𝑹𝒆𝒔𝒑𝒐𝒏𝒔𝒂𝒃𝒍𝒆𝒔).

Pour marquer ce lancement, nous démarrons avec une première formation sur la 𝑺𝒂𝒏𝒕𝒆́ 𝑺𝒆𝒙𝒖𝒆𝒍𝒍𝒆 𝒆𝒕 𝑹𝒆𝒑𝒓𝒐𝒅𝒖𝒄𝒕𝒊𝒗𝒆, en partenariat avec la Profamil Haiti .

📅 Du 8 𝐚𝐮 12 𝐚𝐨𝐮̂𝐭 2026
📍 𝐔𝐧𝐢𝐨𝐧 𝐂𝐨𝐥𝐥𝐞̀𝐠𝐞– 𝐂𝐚𝐲𝐞𝐬-𝐉𝐚𝐜𝐦𝐞𝐥
🕘 9h00 – 17h00
Parce que la connaissance est une force, nous investissons dans une jeunesse plus informée, plus responsable et mieux préparée à construire l'avenir de nos communautés.
✨ 𝐏𝐈𝐉𝐋𝐄𝐑, ce n'est pas seulement une formation. C'est le début d'un parcours de leadership, d'engagement et d'impact.

Photos from AJSSD's post 03/08/2026

Chanjman ki pa fèt nan yon sèl jou. Yo kòmanse ak yon vizyon, yon angajman, ak desizyon pou envesti nan moun.
Se ak konviksyon sa a AJSSD lanse PIJLER (Pwogram Enkibatè Jèn Lidè ak Antreprenè Responsab), yon inisyativ ki vize revele potansyèl jèn yo, devlope lidèchip yo, ankouraje antreprenarya, epi fòme yon jenerasyon ajan chanjman ki angaje pou devlopman kominote yo.
Pandan 6 mwa, premye kowòt la pral rasanble 100 jèn, majorite ladan yo se elèv, ak yon objektif klè: bati kapasite yo epi ankouraje yo pataje konesans yo nan lekòl ak kominote yo, pou enpak la rive pi lwen pase patisipan yo menm.
Nou kwè yon jèn ki jwenn bon akonpayman pa sèlman chanje avni pa li; li vin tounen yon sous enspirasyon ak espwa pou tout kominote li.
PIJLER se plis pase yon pwogram. Se yon angajman pou prepare lidè k ap konstwi Ayiti demen.
Leve. Angaje w. Bati lavni w.

31/07/2026

📢 Gen jèn ki tann opòtinite. Gen lòt ki prepare tèt yo pou kreye opòtinite.
𝐏𝐈𝐉𝐋𝐄𝐑 fèt pou dezyèm kategori a.
AJSSD ap lanse yon pwogram ki pral rasanble 𝐣𝐞̀𝐧 ki gen 𝐯𝐢𝐳𝐲𝐨𝐧, ki vle 𝐚𝐩𝐫𝐚𝐧𝐧, pran 𝐥𝐢𝐝𝐞̀𝐜𝐡𝐢𝐩, devlope lespri 𝐚𝐧𝐭𝐫𝐞𝐩𝐫𝐞𝐧𝐚𝐫𝐲𝐚 epi mete kapasite yo nan sèvis kominote yo.
💡 Sa a se pap yon senp fòmasyon. Se kòmansman yon vwayaj.
Premye etap la kòmanse byento...
👀 Rete konekte. Gwo anons yo ap vini!
💚 PIJLER Leve. Angaje w. Bati lavni w.

14/06/2026
14/06/2026

🙏✨ 𝑴𝑬𝑺𝑰...

7yèm edisyon Festival Jwèt Tradisyonèl Ayisyen -FJTA yo fini, men souvni yo ap rete vivan nan kè nou.

AJSSD ap pwofite remèsye tout lekòl patnè, volontè, sipòtè, patisipan, medya ak tout moun ki te akonpaye nou nan bèl avanti sa a. Chak jès, chak ankourajman ak chak prezans te kontribye nan reyisit festival la.
💙 𝑨𝒏𝒔𝒂𝒏𝒎, 𝒏𝒐𝒖 𝒌𝒐𝒏𝒕𝒂𝒏 𝒃𝒂𝒚 𝒕𝒓𝒂𝒅𝒊𝒔𝒚𝒐𝒏 𝒚𝒐 𝒋𝒂𝒓𝒆̀𝒕.
Mèsi paske nou te kwè nan vizyon an. Mèsi paske nou te jwe pou nou! 🇭🇹

Photos from Festival Jwèt Tradisyonèl Ayisyen -FJTA's post 20/05/2026

🔥🏁 𝐄𝐊𝐎-𝐒𝐄̀𝐊 𝐂𝐇𝐀𝐋𝐋𝐄𝐍𝐆𝐄
Une première historique dans le Festival Jwèt Tradisyonèl Ayisyen 🇭🇹
Des pneus…
De l’énergie…
De la créativité…
Et surtout une jeunesse qui fait vivre nos traditions ❤️
Du FACN jusqu’au Stadium, les participants ont offert bien plus qu’une course :
👉 une démonstration d’endurance,
👉 d’esprit d’équipe,
👉 de créativité,
👉 et d’attachement à notre culture.
♻️ À travers la réutilisation des vieux pneus, cette activité a aussi porté un message écologique fort : transformer ce que l’on considère comme un déchet en symbole de jeu, de dépassement et de rassemblement.

📸 Retour en images sur une activité qui marque déjà l’histoire du festival.

Photos from Festival Jwèt Tradisyonèl Ayisyen -FJTA's post 20/05/2026

🔥🏁 𝐄𝐊𝐎-𝐒𝐄̀𝐊 𝐂𝐇𝐀𝐋𝐋𝐄𝐍𝐆𝐄
Yon premye eksperyans istorik nan 7 𝒆𝒅𝒊𝒔𝒚𝒐𝒏 Festival Jwèt Tradisyonèl Ayisyen -FJTA ki te pote pou tèm ane sa " 𝑱𝒘𝒆̀𝒕 𝒑𝒐𝒖 𝒐𝒖" 𝒔𝒐𝒕𝒊 17 𝒎𝒆 𝒑𝒐𝒖 𝒓𝒊𝒗𝒆 24 𝒎𝒆 2026

Vye kawotchou…
Anpil enèji…
Kreyativite…
Epi sitou yon jenès k ap fè tradisyon nou yo viv ❤️

Depi bò 𝐅𝐀𝐂𝐍 rive nan 𝐒𝐭𝐚𝐝𝐢𝐮𝐦 Kay-Jakmèl lan, 15 patisipan yo te ofri plis pase yon senp kous :
👉 yon demonstrasyon andirans,
👉 lespri ekip,
👉 kreyativite,
👉 ak lanmou pou kilti nou.

♻️ Atravè re-itilizasyon vye kawotchou yo, aktivite sa te pote yon gwo mesaj ekolojik tou : bay sa anpil moun konsidere kòm fatra yon nouvo valè atravè jwèt, espò ak solidarite.

📸 Herby Desire
Men kèk bèl imaj ki retounen sou youn nan pi gwo aktivite 7èm edisyon an.

Adresse


#8, Rue Sténio Vincent, Sud’Est
Cayes Jacmel

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 18:00
Mardi 08:00 - 18:00
Mercredi 08:00 - 18:00
Jeudi 08:00 - 18:00
Vendredi 08:00 - 18:00
Samedi 08:00 - 18:00

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque AJSSD publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

S’abonner

Nous vous informerons de toute nouveauté à Cayes Jacmel.