Source Vedette F.C
Réhausser le Sport tout en tenant notre objectif,le fait d'être toujours champion.
Nap aprann, imaj yo ap rete vivan nan memwa chak grenn fanatik sous la nenpòt jan nou pap pèdi.
Nap kontinye goumen poun retounen pi fò paske deviz nou rezime an 3 mo(Fòs, konbativite ak fyète).
Epi veye Toto a rete yon klasik pou pou plizyè jenerasyon.
Nou se SVFC yon sèl vizyon toujou chanpyon.
31/07/2026
Ti Toto ki se yon vedèt frape yon double nan chanpyona Gotye a pou ekip Lacoma FC a pandan nap prepare rankont nou fas ak ekip génie an.
Felisitasyon Toto bravo fanmi sous vedèt la kwè nan ou!!!
Sous vedèt (X3) Yon sèl vizyon,toujou chanpyon !
30/07/2026
Force, combativité et fierté !
Sous vedèt (X3) yon sèl vizyon toujou chanpyon !🤣🤣🤣
30/07/2026
🎉 FELISITASYON KAPITÈN NOU ,ROLPH GUIBERT PIERRE LOUIS ! 👏⚽
Fanmi Source Vedette FC a ap voye gwo felisitasyon bay kapitèn nou an Rolph Guibert Pierre Louis, ki te briye madi 28 jiyè 2026 la nan match Jaquet kont Kfou City.
Avèk yon double ekstraòdinè, Rolph te jwe yon gwo wòl nan viktwa ekip Jaquet a 4-1, sa ki fè li merite tit L'Homme du Match.
Se yon lòt fwa ankò li montre talan, lidèchip ak detèminasyon li sou teren an.
👏 Nou fyè anpil de ou, Kapitèn! Kontinye leve drapo Source Vedette FC byen wo tout kote w ap jwe.
🔥 KOUNYE A, TOUT JE SOU DEMEN VANDREDI A!
📍 Randevou kase demen vandredi 31 jiyè a, nan Fonramadou, kote Source Vedette FC pral kwaze ak ekip Génie de Port-de-Paix.
📣 Nou envite tout fanatik, sipòtè ak zanmi ekip la vin pran plas nou dèyè jwè yo.
💚💚💚💚💚🧡🧡🧡🧡🧡 Nou pral chofe!
Source Vedette FC (X3)— Yon sèl vizyon, toujou chanpyon! 💪⚽
20/07/2026
🔥⚽ Randevou demen sdv ak tout fanatik Source Vedette FC yo! ⚽🔥
Demen se yon lòt gwo batay. Nou konte sou prezans chak fanatik pou vin bay ekip la fòs depi premye kout siflèt la. Ansanm, n ap chofe teren an ak vwa nou, kouraj nou ak lanmou nou pou koulè Source Vedette FC.
Vini an foul, mete mayo nou, epi ann montre tout moun fòs fanatik Source Vedette yo!
Source vedette X3 Yon sèl vizyon, toujou chanpyon! 💚
18/07/2026
SOURCE VEDETTE
18/07/2026
Fanatik nou se fòs nou ,merci pou sipò Nou Pa gen bèl pase nou💚
Nou klere nou santi bon
📅 Randevou lundi 20 fas ekip Super classique la! Ann vini a fòs pou chofe ekip nou .
👕 Si ou poko gen mayo fanatik ou a, rele kounye a pou pase kòmand ou:
📞 3179-0081 / 41235849/49338023
Source Vedette FC X3
Yon sèl vizyon, toujou chanpyon! 💚⚽🏆
18/07/2026
Vedèt yo
17/07/2026
Max Bertin ak fanmi li🥰🥰
Source vedette X3 yon Sèl vizyon toujou chanpyon 🙌🏆
Source Vedette open for Sponsors!
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Jean-Rabel