Ell'Initiative

Ell'Initiative

Partager

Empower women and girls. Rann fanm ak tifi otonòm. Autonomiser les femmes et les filles.

Photos from Ell'Initiative's post 04/09/2026

🌸Jounen Mondyal Sante Seksyèl🌸

Jodi a, 4 septanm, se Jounen Mondyal Sante Seksyèl. Se yon okazyon pou nou raple tèt nou sante seksyèl se yon pati enpòtan nan byennèt ak diyite chak moun.

Pale sou sante seksyèl pa vle di ankouraje moun fè sèks. Se sitou enfòme, pwoteje epi respekte.

Chak moun dwe gen aksè ak bon enfòmasyon, kapab pran desizyon ki konsène kò li, epi viv relasyon ki chita sou respè, konsantman, sekirite ak diyite.

An n kraze silans ak move enfòmasyon ki mete jèn yo an danje. An n ankouraje dyalòg ki responsab epi kreye espas kote tout moun kapab poze kesyon san yo pa wont oswa pè jijman.💜

15/06/2026

Ell’Initiative kondane ak tout fòs li zak kadejak polisye Nelson Reneld fè sou yon minè 14 lane nan espas sou komisarya kafou bak kote li te afekte e fè tantativ pou achte silans fanmi an.

Sa montre yon lòt fwa jan kò fanm ak tifi pa gen okenn respè sitou bò kote yon moun ki ta dwe pwoteje ak sèvi.

Nou mande pou lajistis kontinye fè travay li kòmsadwa nan kad dosye sila.
Okenn zak kadejak pa dwe rete enpini.

Kò fanm ak tifi pa plas piblik pou kadejakè vin pyafe.

13/06/2026

Jodi a, n ap selebre pa sèlman yon ane anplis nan lavi fondatris nou, men tou vizyon, lidèchip ak angajman l anvè dwa fanm ak tifi yo.

Jeffnie Pompée mèsi paske w te gen kouraj pou mete Ell’Initiative sou pye epi kontinye enspire nou chak jou pou nou travay pou yon sosyete ki pi jis, kote fanm ak tifi yo jwenn respè, pwoteksyon ak opòtinite yo merite.

Nou swete w sante, bonè, fòs ak siksè nan tout pwojè w yo. Nou renmen w !❤️❤️❤️

29/05/2026

Nan kad Jounen Mondyal Ijyèn Manstriyèl la, nou vle remèsye chak moun ki te patisipe nan bèl echanj Ell’Initiative la.

Mèsi paske n te pran tan pou pataje, poze kesyon, bay opinyon, epi ede kreye yon espas ouvè kote n te ka pale san tabou sou yon sijè ki konsène sante, diyite ak byennèt fanm.

Echanj sa a montre nou klèman ke pale de règ pa yon wont, se yon nesesite. Ansanm, n ap kontinye kraze silans epi fè sansibilizasyon pou bati plis konpreyansyon ak sipò sou sijè sa.

Règ se pa yon tabou, an n kontinye pale, aprann, epi aji.

Mèsi paske nou se pati nan chanjman an ! 💜

28/05/2026

" Aksè ak pwodui ijyenik yo. "

Chak 28 me, nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Ijyèn Manstriyèl la, nou mete plis aksan sou enpòtans aksè ak pwodui ijyenik yo pou chak tifi ak fanm.

Aksè ak pwodui ijyenik pandan peryòd règ la se yon bezwen fondamantal.
Men, an Ayiti ak nan anpil lòt kote, se pa tout moun ki fasil jwenn sèvyèt ijyenik, oswa lòt materyèl nesesè pou jere règ yo nan bon kondisyon.

Lè pwodui ijyenik yo pa disponib oswa twò chè, anpil fanm oblije itilize solisyon ki pa an sekirite, sa ki ka ogmante risk enfeksyon epi afekte sante yo. Sa ka menm fè kèk tifi rate lekòl yo pandan peryòd règ yo.

Aksè fasil ak pwodui ijyenik pa ta dwe yon liks, men yon dwa. Li enpòtan pou gen inisyativ ki ankouraje distribisyon pwodui sa yo, ak fè edikasyon sou ijyèn règ.

Lè nou amelyore aksè ak pwodui ijyenik yo, nou pa sèlman pwoteje sante tifi ak fanm yo, men nou kontribye tou nan plis diyite, egalite, ak patisipasyon yo nan sosyete a.

EntènasyonalIjyènManstriyèl

27/05/2026

Nan koze règ, pa dwe gen tabou.🙌🏽
E li se zafè ni fanm ni gason !!!
Vin pataje eksperyans ou, vin aprann de eksperyans lòt moun, epi vin brize tout tabou sou règ nan yon moman echanj san parèy.

Rejwenn Ell’Initiative sou lyen sa a :
https://meet.google.com/tta-nmus-cmu.

N ap kontan konte w pami patisipan nou yo !

27/05/2026

" Mit ak move enfòmasyon sou règ an Ayiti. "

An Ayiti, gen anpil mit ak move enfòmasyon ki toujou egziste sou règ, sa ki fè anpil tifi ak fanm sibi wont, pè oswa move tretman. Gen moun ki panse règ se yon bagay “sal”, oswa yon maladi, men sa pa vre ditou. Règ se yon pwosesis natirèl ki montre kò yon fi ap fonksyone nòmalman.

Gen kwayans tou ki di yon fi pa dwe kwit manje, benyen, oswa al legliz pandan li gen règ li. Tout sa yo se fo lide ki pa gen baz syantifik.

Okontrè, yon fi bezwen plis swen, ijyèn ak respè pandan peryòd sa a.
Move enfòmasyon sa yo souvan soti nan mank edikasyon ak silans ki antoure sijè a. Lè moun pa pale de règ ak verite, mit yo kontinye gaye.

Pou chanje sitiyasyon sa a, li enpòtan pou gen plis edikasyon seksyèl ak ijyèn nan lekòl, fanmi ak kominote yo. Lè nou kraze mit yo, nou ede tifi ak fanm viv règ yo ak plis diyite ak konfyans.

26/05/2026

" Règ se zafè mesye yo tou. "

Règ pa sèlman yon sijè ki konsène fi, li konsène mesye yo tou.
Nan lavi chak jou, mesye yo se papa, frè, zanmi, mari oswa patnè, kidonk yo gen yon wòl enpòtan pou yo jwe nan sipòte fanm yo pandan peryòd règ yo.

Lè mesye yo byen enfòme sou règ, yo vin pi konprann sa fanm yo ap travèse nan peryòd sa a: doulè, fatig, chanjman fizik ak emosyonèl... Konpreyansyon sa a ede evite fè move blag oswa diskriminasyon.

Yon gason ki edike sou sijè sa a ka bay plis sipò fizik ak sikolojik, tankou montre respè, ede nan kay la, oswa senpleman evite fè jijman negatif. Sa kontribye nan yon relasyon ki pi solid ak plis respè ant moun.

Donk, pale de règ ak mesye yo pa yon erè, se yon etap enpòtan pou bati yon sosyete ki pi ekilibre, pi sansib, ak pi jis pou tout moun.

25/05/2026

" Enpòtans ijyèn pandan peryòd règ la. "

Peryòd règ la se yon etap nòmal nan lavi yon fi, men li mande anpil atansyon sou ijyèn pou pwoteje sante li.
Lè yon fi kenbe bon ijyèn pandan jou règ li yo, li evite move odè, enfeksyon, ak malèz ki ka afekte l nan peryòd sa a.

Li enpòtan pou chanje sèvyèt ijyenik la regilyèman, o mwen chak 4 a 6 èdtan, epi lave men yo anvan ak apre chak chanjman. Netwaye zòn entim nan ak dlo pwòp ap ede anpeche mikwòb ak enfeksyon.
Kenbe kilòt nou pwòp epi itilize materyèl ki byen absòbe.

Yon bon ijyèn pandan peryòd règ la pa sèlman pwoteje sante, li bay plis konfyans tou nan lavi chak jou.

24/05/2026

"Règ pa yon wont !"

Règ se yon pwosesis natirèl ki rive nan kò chak fi lè li antre nan laj matirite.

Malgre sa, nan anpil sosyete toujou gen moun ki konsidere règ kòm yon bagay pou kache oswa pou wont, sa ki kreye anpil move lide ak diskriminasyon.

Lè nou wè règ kòm yon bagay nòmal, nou ede tifi ak fanm yo santi yo pi lib e pi respekte.
Pa gen anyen ki mal oswa sal nan règ, okontrè se yon siy sante ak fonksyònman nòmal kò a.

Pou kraze tabou sa a, li enpòtan pou n pale ouvètman sou règ nan fanmi, lekòl ak kominote yo.
Edikasyon sou sijè sa a ap ede tout moun konprann li pi byen epi retire prejije yo.
Règ pa dwe yon sijè pou wont, men yon sijè pou konpreyansyon, respè ak sipò.

Téléphone

Site Web

Adresse


Jeremie