Mobi Creative
MOBI CREATIVE est une plateforme de formation en ligne.
02/09/2026
🎉 5 ANE MOBI CREATIVE | 2021 — 2026 🎉
Jodi a, nou selebre 5 ane kreyativite, aprantisaj, evolisyon ak vizyon.
Depi 02 Septanm 2021, Mobi Creative ap travay pou kreye, fòme epi enspire atravè mond dijital la.
5 ane sa yo se rezilta travay, pèsistans ak konfyans tout moun ki te kwè nan vizyon an. 🙏🏽
Mèsi paske nou te fè pati vwayaj la.
Men sa ki pi enpòtan an: nou fèk kòmanse. 🚀
MOBI CREATIVE — Kreye. Fòme. Enspire.
Pi gwo rèv yo pa toujou mouri paske moun pa gen kapasite. Yo mouri paske moun pè jijman lòt moun.
Jou ou sispann viv pou opinyon moun, se jou ou kòmanse viv pou rèv ou.
Èske ou dakò?
Kijan pou prezante biznis ou pou kliyan konprann rapid.
🚨 MOBI CREATIVE AP REKRITE!
Nou ap chèche yon montè videyo short ki kreyatif, serye e ki vle grandi ak yon pwojè ki gen anbisyon.
📱 Sou telefòn oswa 💻 laptop
Pou aplike, ekri “MOBI TEAM” sou WhatsApp:
👉 https://wa.me/50942754203?text=MOBI%20TEAM
Voye:
✅ Non ou
✅ Vil kote w ap viv
✅ 3 pi bon videyo ou deja monte
⚡ Plas yo limite.
27/05/2026
Apre 1 ane silans… nou retounen 👀🔥
Men kestyon an se: Daprè nou, kisa Mobi Creative ap prepare fwa sa a? 🤔
Ekri sa nou panse nan kòmantè yo 👇👇
05/07/2024
𝐘𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐬𝐞̀𝐲 𝐩𝐨𝐮 𝐰 𝐯𝐢𝐧 𝐤𝐫𝐞𝐝𝐢𝐛 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐫𝐞𝐲𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐤𝐨𝐧𝐭𝐧𝐢 .
Se pou w pase de kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐭𝐨" a kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐈" .
Kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐭𝐨": Kijan pou fè 50 000 goud sou entènèt.
Kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐈": Ki jan mwen fè 50 000 goud sou entènèt.
Nan premye ka a, ou bay yon konsèy ke nenpòt moun ka fè yon rechèch sou Google pou fè menm kalite pòs sa a.
Epitou kisak di konsèy sa fonksyone ?
Eske ou te eseye li deja?
Nan dezyèm ka a , ou pataje yon eksperyans , ou aplike li epi li fonksyone.
Lè sa ou vin kredib , menm si yon lòt moun fè menm bagay la, eksperyans yo pap menm
Si ou pa gen okenn eksperyans pou pataje, chanje kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐭𝐨" an kontni "𝐇𝐨𝐰 𝐈 𝐰𝐢𝐥𝐥" .
Olye de " Kijan pou fè 50 000 goud sou entènèt “
di pito "ki jan mwen pwal fè 50 000 goud sou entènèt ".
Lè sa ou vin gen yon plan aksyon , yon defi.
Nenpòt rezilta ou ta va jwenn nan defi sa ,wap gen yon eksperyans pou w pataje .
Ou dakò avèm ?
04/07/2024
, anpil miltimilyonè ak antreprenè toujou afiche kontni sou entènèt pou pataje lide ak eksperyans yo.
Nan peyi nou , anpil moun toujou panse ke rezo sosyal yo se zouti distraksyon oswa yon gaspiyaj tan.
Pandan plizyè milyon jèn sèvi ak medya sa yo yon fason responsab epi chèche bon enfòmasyon pou devlope tèt yo.
Nan rezilta, nou seryezman manke resous nan anpil domèn
Paske majorite ayisyen ki gen mwayen ak enfòmasyon yo egoyis , yo pap pataje sa yo konnen yo avèk nou.
Afiche kontni sou medya sosyal se pa sèlman pou jwenn kliyan.
Kèlkeiswa tit ou ak nivo entèlektyèl ou , ou siman gen enfòmasyon ki ka chanje lavi lòt moun.
Pataje opinyon w ak konesans ou sou entènèt la. Pa rete nan silans ou .
15/06/2024
Challenge 90 jou kreyasyon kontni an ap fè chemenl 😊
Siw se yonn nan patisipan yo , di nou ki nimerow ye nan challenge lan 🤗
Kreyasyon kontni sou entènèt se tout yon PROSESIS
pouw reyisi sa ap mande pouw gen yon bon mantalite.
Nan videyo sa nou eksplikew kisa yon MANTALITE ye e konbyen tip de mantalite ki genyen 🤗
Catégorie
Contacter l'école
Téléphone
Site Web
Adresse
Port-au-Prince
HT6110
Notifications
Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Mobi Creative publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.