Rakousi
Rakousi se yon pwogram ki konsakre pou analiz tèks mizik. Li pase chak vandredi, 4è pou 5è PM.
11/08/2024
Si pou lòt moun pitit s on pwa ki ka rale w desann, pou malere, li se richès. Zantray yo se miz pa yo nan jwèt aza sa ki gen ti non jwèt lavi a. E nan fen sware a, gen nan yo k ap bingo, sa k ap fè djapòt epi gen lòt ki, malerezman, p ap soti ak anyen.
Men sa ki sèten, kèlkeswa jan sa fini, e menmsi genyen k ap redi plis ke lòt, tout paran ap konnen menm tranchman vant yo, menm kè sote yo, menm traka yo nan levasyon pitit yo. Poutan yo pa sispann di nou bourik fè pitit se pou do l poze.
E si se aprè l fin fè pitit bourik te tanmen pote chay pou toutbon ?
Se avèk entèwogasyon sa n ap lanse konvèsasyon an jodi 8 novanm 2024 la nan Rakousi kote n ap resevwa , epi FRÈ ALEXIS pou vin echanje ak nou sou pawòl yo di nan yon mizik yo ki rele PENN YO VRÈ.
Rete konekte ak (facebook.com/rakousishow) epi (facebook.com/banjmedia) pou w pa rate emisyon sila a.
10/25/2024
Tout solitè nou ka solitè ta sanble se nan kanson nou, lasyans di noumenm moun nou gen yon ensten ‘grégaire’. Sa vle di, konsa konsa, san okenn rezon ki parèt aklè, lòm toujou ap chache rasanble youn ak lòt, fè regwoupman pou viv ansanm.
Anfèt, lòm se yon animal politik, Aristòt di. Se lè n an kominote nou rive epanouyi nou toutbon. Men sa pa anpeche tou nan anpil ka, lòm se bèt fewòs pou lòm parèy li, pou reprann Hobbes. Kidonk, si wi nou dwe konte youn sou lòt pou n viv, anpil fwa, nou ka konte sou dwèt sou kiyès nou ka konte. E pafwa se tèt nou ase.
Poukisa li enpòtan pou nou konte sèlman sou tèt nou ?
Se entèwogasyon sa a k ap nan mitan diskisyon yo jounen vandredi 25 oktòb la nan Rakousi kote n ap resevwa k ap vin echanje avèk nou sou pawòl li di nan yon mizik li ki rele « I NO GO PLAY ».
Rete konekte ak (facebook.com/rakousishow) epi (facebook.com/banjmedia) pou w pa rate emisyon sila a.
10/18/2024
Mizik se son, mizik se silans, li se melodi e li pa ka anpeche tèt li pawòl tou. Si n fouye on ti kras pi fon nan istwa limanite, n a dekouvri ke pandan yon bon tan mizik te fè yon sèl ak pwezi. Kidonk, depi nan tan lontan mizik te toujou gen bagay l ap di.
Tan ale, tan vini men li pa sispann di lapenn nou yo, anvi, kè kontan, desepsyon nou yo... E se pa kounya, Marc Rebel, chantè a siksè, pawolye, ap fè mizik li pale pou li. Fwa sa a li vini avèk « Mwen te li l byen », yon tèks nou pa ta vle ki pou ta tout klè li vle parèt la.
Mwen te li l byen : Kisa Marc Rebel ap eseye di nou menm ?
Se kesyon sa a k ap sèvi nou tèm pou emisyon vandredi 18 oktòb la kote n ap chita pale ak sou pawòl li di nan mizik sa ki rele « MWEN TE LI L BYEN » an ki plase sou EP « Jan m ye a » li apèn soti a.
Rete konekte ak (facebook.com/rakousishow) epi (facebook.com/banjmedia) pou w pa rate emisyon sila a.
10/11/2024
Se pa jodi lòm ap chache konprann rezon egzistans li sou tè sa a. Se kòmsi m ta di w, kout-ke-kout, nou te oblije gen youn. Depi mond lan mond n ap mete, remete tèt nou an kesyon. E nan pa vle aksepte n se loray kale, nou menm kreye kreyatè nou.
Lòm pa vle echwe. Se sa k fè n konsakre prèske tout vi nou nan chache sans li yon fason pou n byen defini priyorite n. Nou chak konprann lavi fason pa nou, sa ki akouche yon latriye kouran panse. Èske viv se soufrans ? Èske l se kè kontan ? Oubyen se toulè de (2) alafwa ?
Kisa viv vle di toutbon ?
Se tèm nou pou emisyon jodi 11 oktòb la kote Filisner DIEUJUSTE () ap louvri mikwo l bay pou vin echanje avèk li sou pawòl li di nan yon mizik li ki rele PA STRESEM.
Rete konekte ak (facebook.com/rakousishow) epi (facebook.com/banjmedia) pou w pa rate emisyon sila a.
10/08/2024
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the establishment
Website
Address
Indianapolis, IN
46208
Opening Hours
| 4pm - 5pm |
Alerts
Be the first to know and let us send you an email when Rakousi posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.