TELE PAM

TELE PAM

Share

Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from TELE PAM, TV Channel, Miami, FL.

Tele Pam Channel 18.10 Florida Your Haïtian American Télévision Media Company
Your source for all the latest news, music, entertainment, hot topics, comedy, religion and must watch tv shows and movies.

08/07/2026

Direktris Jeneral ONAPE, Stéphanie Paultre, prezante bilan 100 premye jou li nan tèt enstitisyon an. Li mete aksan sou bezwen pou modènize estrikti a, sitou atravè yon espas administratif ak yon sit entènèt, pou amelyore sèvis enstitisyon an.

Prezantasyon : Brinia Elminis
Reyalizatè : Alex Domingue

08/06/2026

Fòs represyon gang (FRG) debake an Granmoun nan Latibonit, jedi 6 dawout 2026. N ap soulinye, depatman sa a gen plizyè komin kote se nèg zam ilegal sèlman ki fè lalwa ladan yo.

Videyo : Pitit Gran Mèt la

08/06/2026

JEDI 6 DAWOUT 2026: GRAN TIT JOUNAL SAN FILTÈ👉https://youtu.be/byCfrHJ8eK0

08/06/2026

Jeudi Verdict Avec Ben jerry

08/06/2026

Plis pase 600 moun pèdi lavi yo nan vyolans gang yo ant mas ak jiyè 2026, dapre BINUH

Biwo Entegre Nasyonzini ann Ayiti (BINUH) fè konnen omwen 613 moun mouri epi 375 lòt blese ant 6 mas ak 31 jiyè 2026, pandan vyolans ant gang yo t ap fè ravaj nan Plèn Kildesak ak plizyè katye nan Site Solèy. Pami viktim yo, plis pase yon tyè pa t gen okenn lyen ak gang, tankou 111 fanm ak 77 timoun. BINUH rapòte tou ke plis pase 176 fanm ak tifi sibi vyòl, souvan vyòl an gwoup.

Enstitisyon an fè konnen vyolans sa yo fòse plis pase 18 000 moun kite kay yo, pandan lekòl, sant sante ak lòt sèvis esansyèl te sispann fonksyone nan plizyè zòn. BINUH mande pou otorite yo ranfòse kapasite fòs sekirite yo, akselere deplwaman Fòs Represyon Gang yo (FRG), epi konbat enpinite pou pwoteje popilasyon an ak retabli otorite Leta nan zòn ki anba kontwòl gang yo.

08/06/2026

Feyton Vinicius Jr a rive nan bout li

08/06/2026

Real Madrid achte jwè a nan men RB Leipzig

08/06/2026

Kidnaping pa bese ak konferans pou laprès, foto oswa patwouy okazyonèl. Li bese lè rezo kriminèl yo kraze, lè otaj yo retounen lakay yo epi lè sitwayen yo ka sikile san kè sote.

08/06/2026

Yon ansyen polisye ayisyen kondane Ozetazini pou patisipasyon li nan yon rezo trafik zam ak minisyon ki ta voye plis pase 140 zam ann Ayiti. SPNH-17 mande DCPJ ak lajistis ayisyèn ranfòse koperasyon ak otorite ameriken yo pou idantifye epi demantle rezo kriminèl sa a. Sendika a kontinye mande yon vetting serye ak endepandan nan PNH la pou retire tout eleman ki ta enplike nan koripsyon oswa aktivite kriminèl.

Prezantasyon : Brinia Elminis
Reyalizasyon : Alex Domingue

Ekstrè Jounal San Filtè, Mèkredi 5 dawout 2026

08/06/2026

Pandan Gouvènman an prevwa òganize eleksyon yo 13 desanm k ap vini an, plizyè lidè politik deja kòmanse pozisyone yo. Nan sans sa, Gwoupman LAPEH ak alye li yo te bay yon konferans pou laprès nan lide pou pale sou dekrè elektoral la ak estrikti platfòm la.

Prezantasyon : Brinia Elminis
Reyalizatè : Alex Domingue

Want your business to be the top-listed Media Company in Miami?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Category

Telephone

Address


Miami, FL