Frantz Micro TV
Better late than never ! épisode tou manti pa fon an pra'l lage Wi ! nèt la ki pa bon li Koz nou poko jwn li
09/22/2026
DEKLARASYON DEPITE HIDSON NELSON 👇👇👇
🏗️ Yon pwomès mwen te fè an 2006… yon reyalite Piyon ap viv jodi a
An 2006, pandan kanpay mwen, mwen te pran yon angajman devan pèp Piyon, Rankit ak Laviktwa.
Mwen te di: « Menm si se ak 2 grenn adoken nan pòch mwen mwen ta dwe soti Pòtoprens, m ap fè tout sa m kapab pou ede mete fen ak pousyè ak labou nan sant vil Piyon. »
Pèp la te fè m konfyans e li te ban m vòt li. Yon fwa mwen te rive nan Palman an, mwen te sèvi ak pozisyon mwen, enfliyans mwen ak tout mwayen mwen te genyen pou m pote dosye sa a devan otorite konsène yo epi ede pwojè betonaj sant vil Piyon an pran fòm.
Jodi a, lè m gade foto sa yo, mwen sonje pwomès sa a.
Sant vil Piyon pa menm jan ankò.
Pousyè ki te konn leve lè sechrès pa menm reyalite a ankò. Labou ki te konn anvayi lari yo lè lapli tonbe pa menm jan an ankò. Epi nou wè tou yon bèl plas piblik ki bay popilasyon an yon espas pou rankontre, detann li ak amize li.
Sa fè m sonje yon bagay enpòtan: lè pèp la fè w konfyans, se travay ak rezilta li dwe jwenn an retou.
Mwen pap janm bliye konfyans pèp Piyon, Rankit ak Laviktwa te mete nan mwen an 2006.
Se pou Piyon,Rankit, Laviktwa kontinye vanse.
Ansanm Nou fò!!
Ansanm, n ap fè plis ankò!!🇭🇹
Remete Pou n kontinye Vanse
09/19/2026
Se towo sa a ki debake ak tout zabrigay sa yo nan Okap maten an, daprè fòs lòd yo, misye rele Claudin Sainvilus. Se anpil ladan yo ki anba tout pòs mwen yo k ap joure m pou viv ansanm… Kisa misye t ap al regle ak tout materyèl sa yo? Pa bliye viv ansanm gen pwojektè sou Nò a, veye anwo, veye anba !
Nou wè travay yon nèg akoz li gen paspò ameriken nan men l… Misye debake ak tout zagribay sa yo Ayiti (Nò). Yon kantite plak balistik, plizyè jile taktik, yon bon kantite mas gaz konplè. Plizyè detektè min konplè, yon kantite janbye. Plizyè kamera monokilè ak vizyon pou wè lannuit. Yon kantite lanp pou zam 9 milimèt, plizyè konbo lanp taktik, plis 2 chajè , 1 AR15 ak chajè 5.56.
Misye vini ak plizyè bòt menm jan ak bòt mèsènè yo ki te debake kay ansyen prezidan Jovenel Moïse la… Li vini ak 3 berè kapitèn, 2 pèl pliyant, 1 kle amerye. Li pote tou 2 mas balistik, 1 sling, 3 mas fasyal, 1 flash, 10 foula epi 6 inifòm konplè plis 2 inifòm snaypè konplè.
Li debake tou ak 7 mayo koulè vèt, plizyè kagoul epi gan, plizyè etwi, 1 sentiwon, anviwon 30 ensiy, 6 minòt metalik epi li gen yon bwat sipleman ki gen yon gwo kantite marigwana plis 8 valiz, 3 taktik epi 5 valiz senp.
Daprè enfòmasyon yo se Komisè Dorfeuille ak ekip Polisye nan Nò, melanje ak anketè Dwán yo ki fè kou sa a…
Kisa nou panse misye t ap vini regle menm?
09/16/2026
Flash🚨:Mwen sot tande yon entèvyou CG Muscadin tap bay Gary Pierre Paul Charles (Scoop). Men kèk mo ak ekspresyon mwen retni nan entèvyou a:
1) CG Muscadin di paske pou l ta poze kandida pou depite oswa senatè li tap prefere al vann sèl.
2) CG Muscadin di gang an Ayiti se sou tan la gras yo ye, yo pa sou tan la lwa. Li pran egzanp pou l di "Avan Jezi Kris sou tan la lwa moun pat konn fè sa yo vle, se aprè Jezi vin gen tan la gras. Se yon fason pou l eksplike kòman la lwa pa aplike kont moun k ap fè sa ki mal nan peyi Ayiti.
3) CG Muscadin di moun k ap mande revokasyon li yo tankou kèk òganizasyon dwa moun《Ce sont des Prostitués politiques.
Kisa nou konprann de nimewo 3 a? Ede m konprann li silvouplè…?
09/13/2026
Selon Pierre Esperance, yo revoke Marck Justin nan Tèt DCPJ a se paske l ta deplase en pèson al lakay ansyen Prezidan Martelly poul te kapab fè setifika de police pou li poul te kapab al enskri kòm Prezidan nan prochen eleksyon yo.
Responsab Dwa moun nan fè konnen ke se yon derespektan paske Martelly paka sanksyone pou koripsyon epi pou la jistis deplase al fè setifika pou li lakay li.
09/12/2026
🔥 GWO SEZISMAN SOU TIKTOK LA! 🔥
Maicol, yon jèn TikToke ki konn chante e ki toujou konn mete kontni pou fè moun ri deside poste yon gwo bandi li prezante kòm mon Seigneur Gwolwa😳
Men depi videyo a tonbe sou rezo a, se la bagay la pran dife! 🔥🔥🔥
Moun yo pa t atann yo ditou pou yo wè Maicol ap montre yon pèsonaj konsa sou paj li. Gen moun ki sezi, gen lòt ki kòmanse poze kestyon, pandan TikTok la ap bouyi ak kòmantè. 👀
Men kesyon tout moun ap poze a: poukisa Maicol deside poste mesye sa kounye a? 🤔🔥eske se pou lajan oswa se alye yo oswa plaka ki komanse cho.
09/10/2026
Poutan tout moun sa yo ki anba live sa tuju ap plenyen pou peyi a chanje ! Poutan yo tout sou blof.
09/09/2026
𝐏𝐌 𝐀𝐥𝐢𝐱 𝐃𝐢𝐝𝐢𝐞𝐫 𝐅𝐢𝐥𝐬-𝐀𝐢𝐦𝐞́ 𝐚𝐩 𝐛𝐲𝐞𝐧 𝐭𝐫𝐚𝐯𝐚𝐲, 𝐥𝐢 𝐤𝐫𝐚𝐳𝐞 𝐠𝐚𝐧𝐠 𝐲𝐨, 𝐤𝐢𝐝𝐧𝐚𝐩𝐩𝐢𝐧𝐠 𝐧𝐚𝐧 𝐟𝐢𝐧𝐢… 😃
Sa a se pawòl Mèt Caleb Jean-Baptiste kitap fè pwopagann pou manje, ak bèl pòs nan leta, pandan pèp la tap viv anba laperèz, kidnaping ak ensekirite chak jou.
Ebyen, men rezilta a jodi a: Gang yo level avèk tout dame PM nan te nome bèl Job leta pouli a 😃😃😃
Se sak rive lè kèk moun deside mete enterè pèsonèl ak lajan devan enterè peyi a. Lè vant plen ak bèl job nan leta vin pi enpòtan pase lavi moun kap soufri nan mizè ak ensekirite, se tout yon sosyete ki peye pri a.
Ayiti pa bezwen moun kap fè pwopagann pou enterè pa yo. Li bezwen moun ki gen konsyans, entegrite ak vrè sans responsablite nasyonal.
Paske lè ou sèvi aksoufrans pèp la pouw jere avantaj pèsonèl ou , ou paka sezi lè listwa mande w kont.
09/08/2026
🚨🚨 Haïti Vire Tèt Anba Dosye a Chooo, Lovely Sejour se non jèn manman sa ki grandi nan Laplèn e ki pase yon bon bout tan ap viv Santiago, an Repiblik Dominikèn. Daprè kèk sekans videyo, Esther Thomas alyas Nice-B, ansanm ak Darlens Duclona alyas Enspektè asasinen Lovely anba kout manchèt nan yon rak bwa nan Bouten, toupre lokalite Dimilso. Daprè chèf gang Lanmò Sanjou, Krim nan fèt sou lòd li.
Apre krim nan, bandi yo ta rele fanmi Lovely pou anonse ke yo touyel. Sepandan, fanmi an pat janm reyaji piblikman, paske yo pa moun ki aktif sou rezo sosyal yo. Papa Lovely te deja mouri depi anviwon 5 a 6 lane.
Pou jistifye zak la, Lanmò Sanjou di Lovely te vin lakay li pou mandel lajan, men li ta pwofite pran kèk foto an kachèt san otorizasyon li. Se rezon sa ki te pousel bay lòd pou elimine viktim nan.
Nan youn nan videyo vyolan ki asosye ak krim nan, pandan Lovely tap sibi kout manchèt, li tap pale de pitit li epi li te di Nice-B mèsi.
Nice-B te reponn:
"Banm tèt li. Ban mwen li, mwen bezwen tèt li. Kitem koupe tèt li, paske mwen bezwenl, Jiskaprezan Yo Poko Jwen'n Kote Nice B Kache An Repiblik Dominikèn An Mezanmi.
09/04/2026
Bon kote peyi sa prale ak malandren ki gen mikro sa yo mnm ! Mesye nou fè m wont
09/04/2026
*Gwo ensidan nan vil Okap, nan zòn Okikap. 2 moun pèdi lavi yo nan yon eksplozyon.*
Selon enfòmasyon nou jwenn, yon sitèn gaz ki te gen yon tiyo ki t ap koule te fè responsab Gaz National Okikap yo rele yon soudè pou repare li.
Pandan soudè a t ap soude tiyo a, sitèn nan eklate. 2 moun mouri nan eksplozyon an. Soudè a blese epi yo mennen l lopital.
NB: Sitèn nan te vid e li pa t gen gaz ladan l.
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the business
Telephone
Website
Address
Lehigh Acres
Miami, FL
25°45'41.7"N80°11'39.3"W
Alerts
Be the first to know and let us send you an email when Frantz Micro TV posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.